Sant Sekou pou Sinistre yo nan Pawas Calcasieu Ouvri epi Pwolonje Lè Ouvèti yo

Release Date:
Novanm 22, 2020

BATON ROUGE, La.– Yon Sant Sekou pou Sinistre yo (Disaster Recovery Center - DRC) nan Lake Charles ap louvri 24 novanm pou ankadre sivivan siklòn yo.

 

Ou pa bezwen randevou pou vini. Lè douvèti pou sant sa a se 8è a.m. pou rive 5è p.m.  Lendi pou Vandredi, Samdi 10 zè a.m. pou 3 zè p.m. epi fèmen lè dimanch.

 

Sèvis gichè sant lan chita nan:

 

Calcasieu Parish Police Jury

2000 Moeling St.

Lake Charles, LA 70601

 

DRC nan Moss Bluff ap pwolonje lè ouvèti epi rete louvri jiska 1ye desanm.  Ou pa bezwen randevou pou vini. Lè ouvèti sant sa a se 8è a.m. pou rive 5è p.m. Lendi pou Vandredi, Samdi 10 zè a.m. pou 3 zè p.m. epi fèmen lè dimanch.

 

Sant lan chita nan

Moss Bluff Senior Center Parking Lot

2868 U.S. Hwy 171 N.

Moss Bluff, LA 70611

 

Gen lòt sant ki louvri toujou nan Lwizyann. Sivivan yo ka vizite nenpòt nan sant sa yo nan eta a. Pou jwenn sant ki pi prè w la oswa pou cheke estati yon DRC anvan w pase vizite pou verifye si l louvri, ale sou: egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocator.

Sivivan yo pa bezwen vini nan sant lan pou aplike oswa fè mizajou nan apliksayon yo. Pou mande kesyon pèsonèl oswa voye enfòmasyon:

Rele liy asistans telefòn FEMA nan 800-621-3362 oswa TTY 800-462-7585, ale sou www.DisasterAssistance.gov oswa telechaje Mobil App FEMA sou fema.gov/about/news-multimedia/app

 

Pou tout dènye nouvèl sou Siklòn Laura, ale sou fema.gov/disaster/4559. Oswa, pou Siklòn Delta, ale sou fema.gov/disaster/4570. Swiv kont Twitter FEMA Region 6 sou twitter.com/FEMARegion6

Tags:
Dènye Mizajou