Sant Recouvreman pou Dezas Pral Louvri nan Pawas Lafayette: Tou Sant yo ap Fèmen pou Thanksgiving

Release Date:
November 23, 2020

BATON ROUGE, La.–Yon Sant Rekouvreman pou Dezas pral louvri nan Lafayette pou ede sivivan Siklòn 25 novanm yo. 

 

Li pa nesesè pou mete randevou. Sant sa a pral louvri depi lendi jiska vandredi: lè operasyon yo se 8 tè nan maten jiska 5 kè nan apremidi: samdi 10 zè nan maten jiska 3 zè na apremidi. fèmen nan jou dimanch yo.

 

Sant lan sitiye nan:

Graham Brown Memorial Park (parking lot)

1212 E. Pont Des Mouton Road

Lafayette, LA 70507

 

Tout DRC yo pral femen nan jou Thanksgiving 26 novanm epi pou relouvri a 8 tè nan maten nan jou 27 novanm. 

 

Yon fason pou garanti sekirite tout moun, DRC yo ap opere anba règleman estrik COVID-19 yo. Tout moun ap mete mask oswa kouvri figi yo epi pou yo pratike distans sosyal. Anplwaye FEMA yo kapab reponn kesyon ou yo, tcheke sou aplikasyon ou epi aksepte dokiman pou eskane yo nan sistèm enskripsyon an epi remèt yo ba ou menm kote a.

 

Gen sant adisyonèl ki louvri nan Louisiana. Sivivan yo ka vizite nenpòt sant ki louvri nan eta a. Pou lokalize sant ki pi prè a oswa pou tcheke estati yon DRC anvan yon vizit pou asire lokal la louvri avèk lè operasyon yo, vizite sitwèb: egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocator.

Sivivan yo pa bezwen vizite yon sant pou yo aplike oswa pou yo mete aplikasyon yo ajou. Pou poze kesyon endividyèl oswa pou soumèt enfòmasyon:

Rele Liy dirèk gratis FEMA a nan 800-621-3362 oswa TTY 800-462-7585, vizite sitwèb www.DisasterAssistance.gov oswa telechaje aplikasyon mobil FEMA a nan sitwèb fema.gov/about/news-multimedia/app

 

Pou jwenn toudènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite www.fema.gov/disaster/4559. Oswa, sou Siklòn Delta, vizite fema.gov/disaster/4570. Swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA a sou twitter.com/FEMARegion6

Tags:
Dènye mizajou