TALLAHASSEE, Florida – Pandan Rezidan Florida yo ap rebati, sivivan Siklòn Milton, Helene ak Debby yo ka jwenn konsèy gratis sou fason pou yo rekonstwi pi djanm ak pi an sekirite kont tanpèt yo. Espesyalis rediksyon risk FEMA yo ap disponib pou reponn kesyon ak pou ofri konsèy gratis sou amelyorasyon lojman ak sou metòd ki pwouve pou anpeche ak diminye domaj nan lòt katastwòf nan lavni yo. Enfòmasyon sa yo se pou travayè endepandan yo ak kontraktè jeneral yo.
Rediksyon Risk se yon efò pou diminye kantite moun ki ap mouri ak domaj pwopriyete pandan y ap diminye enpak yon katastwòf atravè pi bon pratik konstriksyon ak renouvèlman.
Yon espesyalis asirans pral prezan pou reponn kesyon Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon (National Flood Insurance Program, NFIP). Ekip Asistans Sivivan Katastwòf yo pral la pou bay mizajou sou aplikasyon FEMA yo epi reponn kesyon yo.
Espesyalis FEMA yo ap disponib soti 10 Fevriye jiska 22 Fevriye apati 7:30 a.m. pou rive 5:00 p.m. Lè Lès (Eastern Time, ET), soti Lendi pou rive Vandredi epi Samdi apati 7:30 a.m. pou rive 1:00 p.m. ET, nan lokal ki vini annaprè yo:
Konte Columbia: The Home Depot, 215 SW Home Depot Dr, Lake City, FL 32025
Konte Hillsborough: Lowe’s, 1515 E. Brandon Blvd, Brandon, FL 33511 (soti 10 Fevriye jiska 15 Fevriye)
Konte Sarasota: Lowe’s SW, 4020 Central Sarasota Parkway, Sarasota, FL 34238
Rete an Kontak avèk FEMA
Li enpòtan pou w fè FEMA konnen nenpòt chanjman nan enfòmasyon kontak ou. Ou kapab mete ajou enfòmasyon kontak ou oswa verifye estati aplikasyon ou pandan w ap:
- Vizite DisasterAssistance.gov
- Rele FEMA dirèkteman nan 800-621-FEMA (3362)
- Itilize aplikasyon FEMA a
- Vizite yon Sant Rekiperasyon Pou Katastwòf (Disaster Recovery Center). Vizite FEMA.gov/DRC oswa voye tèks DRC avèk Kòd Postal ou a nan 43362 (Egzanp: “DRC 32344”).
Pou w ka jwenn dènyè enfòmasyon sou rekiperasyon aprè Siklòn Milton, vizite fema.gov/disaster/4834. Pou w ka jwenn enfòmasyon sou rekiperasyon aprè Siklòn Helene, vizite fema.gov/disaster/4828. Pou Siklòn Debby a, vizite fema.gov/disaster/4806. Swiv FEMA sou X nan x.com/femaregion4 oswa sou Facebook nan facebook.com/fema.