FEMA pwolonje Dat limit aplikasyon pou Rezidan Kawolin di Nò yo ki te afekte nan tanpèt twopikal Helene

Release Date Release Number
076
Release Date:
Fevriye 3, 2025

HICKORY, N.C. – Sou demann eta Kawolin di Nò, sivivan Tanpèt Twopikal Helene kounye a gen jiska 8 Mas 2025, pou aplike pou asistans avèk FEMA.

Avèk dat limit pwolonje a, FEMA toujou ankouraje sivivan yo pou yo aplike opli vit posib. Apre dat limit 8 Mas la, ou ka toujou soumèt dokiman yo, mete ajou enfòmasyon kontak ou epi rete an kontak ak FEMA konsènan aplikasyon w lan, men ou dwe aplike anvan dat limit la.

Asistans FEMA ka gen ladan lajan pou lojman tanporè tankou asistans pou lokasyon oswa ranbousman pou depans otèl; lajan pou sipòte reparasyon oswa ranplasman yon kay prensipal, sa ki gen ladan wout aksè prive, tankou antre kay, wout, oswa pon; ak lajan pou depans katastwòlf la te koze, tankou reparasyon oswa ranplasman pwopriyete pèsonèl ak machin, lajan pou demenaje ak depo, medikal, dantè, gadri ak lòt bagay divès.

Pwopriyetè kay ak lokatè yo nan omeowners and renters in Alexander, Alleghany, Ashe, Avery, Buncombe, Burke, Cabarrus, Caldwell, Catawba, Cherokee, Clay, Cleveland, Forsyth, Gaston, Graham, Haywood, Henderson, Iredell, Jackson, Lee, Lincoln, Macon, Madison, McDowell, Mecklenburg, Mitchell, Nash, Polk, Rowan, Rutherford, Stanly, Surry, Swain, Transylvania, Union, Watauga, Wilkes, ak konte Yadkin ak Yancey ak pati Lès Endyen Cherokee ki te sibi pèt ki pa asire nan Tanpèt Twopikal Helene ka aplike pou asistans FEMA.

Gen plizyè fason pou aplike: 

  • izite yon Sant Rekiperasyon pou Dezas (DRC) Pou jwenn adrès sant ki pi pre w ale sou fema.gov/drc.
  • Ale sou entènèt nan DisasterAssistance.gov.
  • Telechaje Aplikasyon FEMA  pou aparèy mobil yo.
  • Rele liy asistans FEMA a nan 800-621-3362 ant 7 a.m. ak minwi. Èd disponib nan pifò lang. Si w itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), telefòn ki gen tit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a.
Tags:
Dènye Mizajou