TALLAHASSEE, Fla. – FEMA te Ouvri yon Sant Mobil Reyabilitasyon apre Katastwòf nan Konte Flagler pou bay Rezidan Florida yo ki afekte akoz Siklòn Milton nan èd youn pa youn. Sant lan kapab sèvi tou pou sivivan Siklòn Helene oswa Siklòn Debby yo.
Adrès sant lan:
Konte Flagler
Flagler County Government Services Complex
1769 E Moody Blvd.
Bunnell, FL 32110
Lè Fonksyònman: 9 a.m.– 6p.m. Lendi-Dimanch
Pou jwenn adrès lòt sant, ale sou fema.gov/drc oswa ekri “DRC” ak yon Kòd Postal nan 43362. Tout sant yo aksesib pou moun ki gen andikap oswa ki bezwen aksè fonksyonèl epi ki ekipe ak teknoloji asistans.
Nou ankouraje pwopriyetè kay ak lokatè yo pou yo aplike anliy nan DisasterAssistance.gov oswa itilize FEMA App. Ou ka aplike tou nan telefòn nan 800-621-3362. Si w chwazi aplike nan telefòn, tanpri nou swete w konprann tan atant yo ka pi long akoz volim apèl yo ki ogmante apre plizyè katastwòf ki sot pase yo. Liy telefòn yo ouvri chak jou epi gen èd ki disponib nan majorite lang yo. Si w ap itilize yon sèvis relè, telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a. Pou w gen aksè ak yon videyo sou fason pou w aplike pou w jwenn asistans, ale sou FEMA Accessible: Aplike pou Asistans Endividyèl - YouTube.
Pou w ka jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Milton, vizite fema.gov/disaster/4834. Pou w ka jwenn enfòmasyon sou reyabilitasyon apre siklòn Helene nan, vizite fema.gov/disaster/4828. Pou w ka jwenn enfòmasyon sou reyabilitasyon apre siklòn Debby a, vizite fema.gov/disaster/4828. Swiv FEMA sou X sou x.com/femaregion4 oswa sou Facebook sou facebook.com/fema.