FEMA Apwouve $115 Milyon Adisyonèl pou Travay Ijans Apre Siklòn nan Florid

Release Date Release Number
NR032
Release Date:
Novanm 15, 2024

TALLAHASSEE, Fla. - FEMA apwouve yon lòt $115.5 milyon dola pou ranbouse kominote Florid yo pou travay ijans apre siklòn Milton, Helene ak Debby. 

Sa gen ladan: 

  • $38,181,120 pou Konte Sarasota pou retire debri
  • $23,993,595 pou Konte Pasco pou retire debri
  • $37,094,212 pou vil Saint Petersburg pou retire debri
  • $6,016,332 pou Konte Lee pou retire debri ak mezi pwoteksyon ijans
  • $2,493,179 pou vil Tarpon Springs pou retire debri
  • $1,548,750 pou Konte Brevard pou retire debri
  • $6,196,157 pou vil Clearwater pou retire debri

Jiska prezan, Asistans Piblik FEMA te bay $741.1 milyon dola pou Siklòn Milton, $349.6 milyon pou Siklòn Helene ak $111.8 milyon dola pou Siklòn Debby. Lajan an ranbouse eta a, gouvènman lokal yo ak sèten òganizasyon san bi likratif pou mezi pwoteksyon ijans ak retire debri. 

Pwogram Asistans Piblik FEMA a bay ajans gouvènman lokal ak eta a ranbousman pou depans pou repons pou ijans, retire debri ak restorasyon enstalasyon ak enfrastrikti piblik ki te domaje nan katastwòf. Mezon adorasyon ak lòt òganizasyon san bi likratif kapab tou elijib pou Asistans Piblik FEMA.

Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Siklòn Milton, vizite fema.gov/disaster/4834. Pou Siklòn Helene, vizite fema.gov/disaster/4828. Pou Siklòn Debby, vizite fema.gov/disaster/4806. Swiv FEMA sou X nanx.com/femaregion4oswa sou Facebook nan facebook.com/fema.

 

###

Misyon FEMA se ede moun anvan, pandan ak apre katastwòf yo.

FEMA pran angajman pou l asire asistans pou katastwòf yo akonpli ekitab, san diskriminasyon

pou rezon ras,koulè, nasyonalite, sèks, oryantasyon seksyèl, relijyon, laj, andikap, konpetans angle, oswa sitiyasyon ekonomik.

 Nenpòt moun ki sivivan katastwòf oswa manm piblik la ka kontakte Biwo Dwa Sivil FEMA a si yo santi yo gen yon plent pou diskriminasyon.

 Ou ka kontakte Biwo Dwa Sivil FEMA a nan FEMA-OCR@fema.dhs.gov oswa gratis nan 833-285-7448.

 

Tags:
Dènye Mizajou