Kijan Lajan Sibvansyon FEMA Dwe Depanse

Release Date Release Number
047
Release Date:
Novanm 8, 2024

RALEIGH, N.C. -- Si ou se yon sivivan katastwòf nan North Carolina ki te resevwa yon sibvansyon federal pou asistans pou katastwòf nan men FEMA apre Tanpèt Twopikal Helene, li enpòtan pou itilize lajan an sèlman pou depans ki gen rapò ak katastwòf la. 

Pou ede w asire ke w ap itilize lajan w te resevwa a kòmsadwa, FEMA voye yon lèt bay moun k ap resevwa sibvansyon yo pou eksplike kijan ou ka itilize lajan yo. Sibvansyon pou katastwòf yo pa kouvri depans sibzistans regilye. 

Kèk egzanp sou depans sibvansyon sa a kouvri yo enkli:

  • Reparasyon kay tankou estrikti, sistèm dlo, fòs septik ak sistèm egou.
  • Lwaye chak mwa ak/oswa depo si w deplase nan kay prensipal ou akòz katastwòf la.
  • Reparasyon oswa ranplasman yon machin esansyèl ki inonde.
  • Swen medikal oswa dantè pou yon blese ki pa asire ke katastwòf la te lakòz.
  • Reparasyon oswa ranplasman zouti pwofesyonèl espesyalize ak materyèl pedagojik ki nesesè katastwòf la andomaje.
  • Depans deplasman ak depo ki gen rapò ak katastwòf la.
  • Ogmantasyon depans pou gadri.

Ou ta dwe kenbe resi yo pandan twazan pou montre kijan ou te depanse sibvansyon FEMA yo epi dokimante kijan yo te itilize lajan pou katastwòf ou yo.

Selon lwa federal, FEMA paka diplike asistans lòt sous yo, tankou asirans. FEMA ka petèt ede ak depans ke Asirans ou pa kouvri. Ou ka voye bay FEMA yon kopi dokiman konpayi Asirans ou an ki montre domaj oswa depans ke Asirans lan kouvri. 

Li enpòtan tou pou rasire w ke FEMA gen enfòmasyon kontak ou ki pi resan, ki gen ladan adrès, nimewo Telefòn ak kont bank ou. Si FEMA pa gen enfòmasyon kòrèk ou, ou kapab rate lèt ak apèl sou telefòn konsènan aplikasyon Asistans oswa estati peman ou a. 

Si ou gen kesyon konsènan sibvansyon èd FEMA nan kad katastwòf, rele Liy Asistans FEMA nan 800-621-3362. Si ou itilize yon sèvis relè videyo, sèvis Telefòn ak soutit oswa lòt, bay FEMA nimewo ou pou sèvis sa

Tags:
Dènye Mizajou