RALEIGH, N.C. - De Sant Rekiperasyon Dezas (DRC, Disaster Recovery Centers) ap ouvri jedi 24 oktòb nan Marshall (Konte Madison) ak Burnsville (Konte Yancey) pou ede sivivan Kawolin di Nò ki te fè eksperyans pèt nan Tanpèt Twopikal Helene.
DRC Konte Madison sitiye nan:
Bibliyotèk Piblik Konte Madison - Marshall Branch 1335 N Main St.
Marshall, N.C. 28753
Ouvè 8 a.m. pou 7 p.m. Lendi jiska Dimanch
DRC Konte Yancey sitiye nan:
County Annex Facility (Old Ridge Hardware)
671 W U.S. Hwy 19E Bypass Burnsville, N.C. 28714
Ouvè 8 a.m. pou 7 p.m. Lendi jiska Dimanch
Yon DRC se yon gichèl-inik kote sivivan yo ka rankontre fas a fas ak reprezantan FEMA, aplike pou asistans FEMA, resevwa referans pou asistans lokal nan zòn yo, aplike ak Administrasyon Ti Biznis Etazini (SBA, U.S. Small Business Administration) pou prè katastwòf ki pa gen enterè ak plis ankò.
Asistans finansyè FEMA ka gen ladan lajan pou reparasyon debaz kay, pèt pwopriyete pèsonèl oswa lòt bezwen ki pa gen asirans, ki gen rapò ak katastwòf tankou gadri, transpò, bezwen medikal, fineray oswa depans dantè.
Sant yo deja louvri nan Asheville, Bakersville, Boone, Brevard, Hendersonville, Lenoir, Marion, Sylva, Waynesville, Jefferson, Newland, Old Fort, Sparta, Morganton ak Charlotte. Pou jwenn kote sant sa yo, ale sou fema.gov/drc oswa voye tèks “DRC” ak yon kòd postal nan 43362. Lòt sant rekiperasyon yo pral ouvri byento. Tout sant yo aksesib pou moun ki gen andikap oswa bezwen aksè ak fonksyonèl epi yo ekipe ak teknoloji asistans.
Pwopriyetè kay ak lokatè ki nan 39 konte Kawolin di Nò ak manm tribi Eastern Band of Cherokee Indians ka vizite nenpòt sant ki louvri, ki gen ladan lokal yo nan lòt eta yo. Pa gen randevou ki nesesè.
Li enpòtan pou ale nan yon sant èd FEMA pou aplike. Fason ki pi rapid pou aplike se anliy sou DisasterAssistance.gov oswa via FEMA app. Ou kapab rele tou 800-621-3362. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou videyo relè, telefòn kapsyone oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo ou pou sèvis sa.