FEMA angaje $989 milyon pou Ranfòse Sistèm Asenisman St. Croix

Release Date Release Number
210
Release Date:
July 22, 2024

ST. CROIX, Zile Vyèj Ameriken yo – A kontinye patenarya li avèk Gouvènman Zile Vyèj yo pou ranfòse enfrastrikti enpòtan ki te andomaje pandan Siklòn Maria nan St. Croix, avèk angajman $989 milyon jodia pou rann sistèm asenisman zile a pi rezistan fas ak evènman katastwofik yo.

Ranplasman pridan yon gwo majorite nan rezo asenisman ak 14 estasyon ponpaj nan St. Croix posib gras ak Lwa Bidjetè Bipatizan 2018 la. Pwojè Pwosedi Altènativ Asistans Piblik sa a montre plis kolaborasyon FEMA avèk teritwa a pou ranplase etablisman ak enfrastrikti enpòtan yo ki te detwi pandan siklòn Irma ak Maria nan mwa septanm 2017 la.

FEMA pral kontinye konsantre sou yon kolarasyon avèk patnè teritoryal nou yo ak lòt patnè federal yo sou yon rekiperasyon aprè Irma ak Maria ki pral bay Gouvènman Zile Vyèj yo resous teknik ak finansyè pou ranplase enfrastrikti ki te konstwi pou reziste anba tanpèt fiti yo. 

Kristen Hodge, Direktè Rekiperasyon FEMA nan Zile Vyèj Ameriken yo te deklare “Nou kontan kolabore ak Otorite Jesyon Dechè Zile Vyèj yo pou transfòme sistèm koleksyon, transpò ak asenisman dlo ize St. Croix nan yon enfrastrikti ki rezistan ki pral sèvi kominote St. Croix a pou plizyè deseni k ap vini.” 

Jodi a, FEMA te angaje $11.9 bilyon nan kad pwogram Asistans Piblik li a pou reparasyon ijans ak pèmanan enfrastrikti ki te andomaje pandan siklòn 2017 yo. Nan $11.9 bilyon, yo te apwouve anviwon $1.2 bilyon pou mezi diminisyon risk pou ede kanpe repetisyon domaj ak rekonstriksyon nan ka katastwòf.

###

Misyon FEMA se ede moun anvan, pandan, epi aprè katastwòf yo.

Tags:
Dènye mizajou