Nou Se Ekip USVI FEMA

Release Date Release Number
206
Release Date:
May 16, 2023

ST. CROIX, Zile Vyèj Ameriken yo – Rekiperasyon an apre siklòn 2017 yo, Irma ak Maria, ap pwogrese epi FEMA toujou la pou ede Teritwa a ak efò yo. Pandan plizyè semèn k ap vini yo, FEMA pral afiche seri "Nou se FEMA USVI" sou paj FEMA U.S. Virgin Islands Facebook. Pòs yo pral mete aksan sou pwogram/gwoup, anplwaye ak pwojè rekiperasyon nan teritwa a.

“Seri sa a se yon opòtinite pou kominote USVI la aprann plis sou sa n ap fè,” Kristen A. Hodge te deklare, Direktè Rekiperasyon USVI FEMA a. “Gen anpil bagay anplis de FEMA moun gendwa pa konnen. Paj Facebook USVI nou an pral mete aksan sou enfòmasyon konsènan divès pwogram y ap travay dèyè sèn nan pou kontinye ede ak rekiperasyon an nan USVI." Hodge te ajoute.

Pandan anpil moun gendwa konnen sou pwogram Asistans Endividyèl oswa Asistans Piblik nou yo, gen lòt pwogram nan FEMA ki ede nan rekiperasyon an. Kowòdinasyon Entè-Ajans pou Rekiperasyon (Interagency Recovery Coordination) se yon pwogram FEMA ki travay ak ajans lokal yo, biznis, òganizasyon san bi pou fè pwofi, kay adorasyon ak lòt ajans federal pou chèche resous finansman pou pwojè ki pa kalifye pou pwogram FEMA. Entegrasyon Enfimite asire pwojè FEMA finanse yo konfòm ak Lwa Ameriken sou Enfimite yo. Ekip DI a ap travay tou pou bay enfòmasyon sou bezwen rekiperasyon andikap ak aksè ak bezwen fonksyonèl kominote a an kolaborasyon avèk Biwo Kowòdonatè ADA Teritwa USVI.

Biwo rekiperasyon FEMA USVI St. Croix ak St. Thomas nou an pa tap kapab fonksyone san Sekirite, Ekip Sekirite, Lojistik ak Teknoloji Enfòmasyon yo. Aprann kijan pwogram entèn sa yo bay anplwaye FEMA sèvis pou nou kapab pi byen sèvi kominote a ak rekiperasyon an. Planifikasyon enpòtan anpil pou kenbe dosye yo ak bay rapò. Finans ak Administrasyon enkòpore Resous Imèn ak Kontraktè yo.

Konsèvasyon Anviwònman ak Istorik se pwogram FEMA ki kontwole enpak pwojè rekiperasyon yo genyen sou anviwònman an epi li ede prezève istwa pwojè yo ak zòn ki antoure kote pwojè a ap repare oswa konstwi. Wòl Mitigasyon Danje se pou travay ak Teritwa a pou jwenn fason oswa pran aksyon pou diminye oswa elimine risk alontèm pou moun ak pwopriyete ki an danje ak efè yo.

Pwogram FEMA yo travay an kolaborasyon ak Biwo Gouvènè a, Biwo Rekiperasyon apre Katastwòf, Pwogram Mitigasyon ak Asistans Piblik VITEMA, ak lòt ajans gouvènmantal nan USVI a.

Vizite paj Facebook Zile Vyèj Ameriken FEMA pou jwenn plis enfòmasyon apwofondi sou pwogram yo, rankontre anplwaye yo, epi aprann sou pwojè rekiperasyon yo.

Staff gather at FEMA’s U.S. Virgin Islands Recovery Office in Christiansted on St. Croix in February 2023. FEMA/Angelique Smythe

Anplwaye yo rasanble nan Biwo Zòn Rekiperasyon Zile Vyèj Ameriken FEMA a nan Christiansted sou St. Croix nan mwa fevriye 2023. FEMA/Angelique Smythe.

FEMA U.S. Virgin Islands Area Recovery Office and Caribbean Area Office staff gather with Region 2 Deputy Regional Administrator Andrew D'Amora in April 2023 outside the Area Recovery Office on St. Thomas.

Biwo Zòn Rekiperasyon Zile Vyèj Ameriken FEMA a ak anplwaye Biwo Zòn Karayib la reyini ak Adjwen Administratè Rejyonal Rejyon 2 Andrew D'Amora nan mwa avril 2023 andeyò Biwo Rekiperasyon Zòn St. Thomas. FEMA/Eric Adams

Tags:
Dènye mizajou