Lokatè ki Arisk pou yo Mete Deyò Ka Kaliye pou Èd Federal

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL NR 035
Release Date:
Novanm 7, 2018

 TALLAHASSEE, Florida. -  Lokatè nan Florirda ki arisk pou yo mete yo deyò oswa yo te deja mete yo deyò nan kay oswa apatman lokasyon siklòn nan te domaje - kit lojman an te domaje ou pa - kapab kalifye pou asistans pou katastwòf nan FEMA.

 

Gen plizyè fason pou aplike: 

  • Ale sou sitwèb DisasterAssistance.gov
  • Rele FEMA nan 800-621-3362 (vokal, 711 oswa VRS) oswa 800-462-7585 (TTY)  nenpòt ki lè ant 7 tè dimaten jiska 11 zè diswa lè lokal, chak jou, jiskaske nou chanje sa. Operatè ki pale plizyè lang disponib pou ou.
  • Vizite yon sant rekiperasyon pou katastwò. Sivivan yo ka vizite nenpòt ki sant pou resevwa èd fas a fas. Pou jwenn yon sant, ale nan   fema.gov/drc    

 

Lokatè ki deja anrejistre pou asistans federal e ki pita yo te retire akòz domaj yo ta dwe pran avètisman an degèpisman nan yon sant rekiperasyon dezas. 

 

Sivivan ki pa kapab peye yon avoka ka rele Liy Dirèk pou Katastwòf Florida nan nan (866) 550-2929. Jwenn plis enfòmasyon nan floridabar.org/public/consumer/hurricaneinfo

 

Lokatè ki deplase yo ak pwopriyetè kay ki soti nan konte Bay, Golf ak Jackson ki bezwen yon kote ki an sekirite pou rete pandan y ap chèche lojman ki dire lontan ka kalifye pou rete abri akoutèm FEMA peye. Vizite   DisasterAssistance.gov    

 

Lokatè yo kapab kalifye pou sibvansyon nan men FEMA pou ede avèk depans ki gen pou wè ak katastwòf tankou:

  • Lwe yon kay kote kay lokatè a te ye avan an pa gen sekirite akòz dezas la, oswa konplèks apatman li a nanreparasyon.
  • Frè demenajman ak depo.
  • Reparasyon oswa ranplasman machin ki domaje nan dezas la.
    Moun ki gen asistans pou lokasyon HUD ka resevwa èd FEMA pou peye pou yon kote pou viv jiskaske:
  • Yo deplase tounen nan lojman piblik.
  • Yo deplase tounen nan lojman prive ki bay asistans HUD.
  • Yo siyen yon kontra lwaye ak yon pwopriyetè prive ki itilize yon koupon seksyon 8.
     

Lè sivivan an ap deplase tounen nan yon rezidans HUD asiste oswa siyen yon nouvo kontra lwaye pou yon lokasyon lojman daprè pwogram Seksyon 8 la, èd HUD la ap kontinye. Nan pwen sa a, sivivan an pa ka resevwa asistans FEMA ankò.

Ou p ap bezwen remèt lajan sibvansyon paske yo pa prè. Yo pa gen taks sou revni epi yo p ap afekte kalifikasyon pou Sekirite Sosyal, Medicaid, Asistans Sosyal, Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè ( Supplemental Nutrition Assistance Program, SNAP) ak plizyè lòt pwogram. 

Deklarasyon katastwòf prezidan pou siklòn Michael te deziyen 12 konte pou asistans endividyèl:  Bay, Calhoun, Franklin, Gadsden, Gòlf, Holmes, Jackson, Leon, Liberty, Taylor, Wakulla ak Washington.

 

FEMA vle asire chak sivivan dezas gen aksè egal nan enfòmasyon ak èd pou katastwòf la. Lokatè ki soud oswa mal pou tande kapab gade yon videyo   sou asistans pou disponib: FEMAAssistanceAvailable .

 

 

###

 

Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.

Pou jwenn yon lis kote viktim yo ka jwenn machandiz (dlo, manje,elatriye), vizite   www.floridadisaster.org/info 

 Pou jwenn plis enfòmasyon sou retablisman pou Siklòm Michael, ale sousou sitwèb www.fema.gov/disaster/4399.

 

Swiv FEMA ak Divizyon Jesyon Ijans Florida sou Twitter nan   @ FEMARegion4   ak   @FLSERT.   Ou ka vizite FEMA ak paj Facebook Divizyon an tou nan   Facebook.com/FEMA    ak  Facebook.com/FloridaSERT  .

 

 

 

Tags:
Dènye Mizajou