Konsèy Gratis Disponib pou Rekonstriksyon ak Reparasyon nan Konte Bay ak Leon

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL NR 069
Release Date:
December 27, 2018

 

 

TALLAHASSEE, Fla. – Pandan rezidan Florida yo ap repare oubyen rekonstwi kay yo ki andomaje nan Siklòn Michael, FEMA ak magazen amelyorasyon kay yo nan konte Bay ak Leon ap kolabore pou yo bay enfòmasyon ak dokimantasyon gratis sou kijan pou fè kay pi solid epi pi sekirize.

  • Espesyalis FEMA yo ap sou plas pou reponn kesyon epi ofri konsèy jeneral konsènan amelyorasyon pou kay avèk metòd valide pou anpeche oubyen diminye domaj nan katastwòf alavni.
  • Pifò nan enfòmasyon ak piblikasyon gratis yo pèsonalize pou fè travay poukont ou ak pou konpayi konstriksyon jeneral.
     
    Konseye yo ap disponib nan magazen sa yo:
     

Walmart

2101 S Highway 77

Lynn Haven, FL 32444

Walmart

3221 N. Monroe

Tallahassee, FL 32311

 

 

Pou toulede zòn (lè lokal):

desanm 27-28 de 8 di maten pou 5:30 p.m. toude jou

Le 29 desanm nan 8 di maten pou 2:30 p.m.

31 desanm nan 8 di maten pou 3:30 p.m.

      janvye 2 di 8 di maten pou 5:30 p.m.

 

Jwenn plis enfòmasyon sou fason pou ranfòse pwopriyete ou sou sitwèbfema.gov/protect-your-property.

Espesyalis FEMA yo ka bay konsèy jeneral konsènan règleman asirans inondasyon epi yo ofri asistans teknik pou ede nan rekiperasyon an.

 

Pou kontakte FEMA, rele liy asistans telefonik lan nan 800-621-3362 oswa 800-462-7585 (TTY). Operatè ki pale plizyè lang disponib pou ou. Operatè yo travay apatide 6 a.m. rive 10 p.m. sèt jou sou sèt jouk yo ta di yon lòt bagay.

###

 

Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.

 

Pou yon lis resous ki disponib pou moun ak biznis ki afekte akoz Siklòn Michael, vizite www.floridadisaster.org/info

 Pou jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Michael, vizite www.fema.gov/ht/disaster/4399.

 

Swiv FEMA ak Divizyon Jesyon Ijans Florida sou Twitter nan  @FEMARegion4  ak @FLSERT. Ou ka vizite FEMA ak paj Facebook Divizyon an tou nan Facebook.com/FEMA ak  Facebook.com/FloridaSERT.

 

 

Tags:
Dènye mizajou