Fèy Enfòmasyon: Èske FEMA kapab ede Fanmi Mwen Retounen nan Kay nou?

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL FS 013
Release Date:
November 14, 2018

K: Mwen ta renmen kòmanse retounen nan aktivite fanmi mwen, men enspektè a di kay mwen an pa abitab. Èske gen èd ki disponib pou nou kapab repare bagay yo?

R: Èd FEMA Ap Bay pou Reparasyon Kay se yon sibvansyon pou fè reparasyon debaz nan yon kay prensipal yon pwopriyetè abite pou fè kay la vin pwoteje,  sanitè ak fonksyonèl. Kay ki pwoteje, sanitè ak fonksyonèl satisfè kondisyon ki endike anba la yo:

  • Deyò kay la solid nan fondasyon an, (tankou pòt yo , twati a ak fenèt yo).
  • Sistèm elektrisite, gaz, chofaj, plonbri ak egou fonksyone kòrèkteman.
  • Zòn abitab andedan kay la solid nan fondasyon an (tankou plafon ak planche yo).
  • Kay la kapab fonksyone pou objektif yo bati li.
  • Gen aksè fasil pou antre ak soti nan kay la.

 

K: Kimoun ki kalifye pou Jwenn Èd pou Repare Kay?

R: Pwopriyetè kay ki gen domaj nan yon zòn Prezidan an deklare pou katastwòf epi katastwòf la te fè kay yo vin pa abitab ka kalifye pou jwenn yon sibvansyon pou yo fè kay la vin abitab ankò.

Nòt: Peman pou reparasyon yo dwe fèt avèk yon lòt sous finansman tankou asirans.

 

K: Ki kalite reparasyon ki garanti?

R: Men kèk reparasyon ki posib:

    • Pati ki nan estrikti yon kay (fondasyon, miray deyò yo, twati a).
    • Fenèt yo, pòt yo, miray yo, twati yo, travay ebenis yo.
    • Netwayaj tank septik ak reparasyon oswa ranplasman sistèm nan nèt.
    • Pui oswa lòt sous dlo pou kay la.
    • Sistèm chofaj, ayerasyon, ak è-kondisyone.
    • Sèvis piblik (sistèm elektrik, plonbri ak gaz).
    • kote pou antre ak soti nan kay la, tankou wout prive ki bay aksè nan kay la.
    • Blokaj, aplanisman, ak ankraj yon kay-sou-woulèt epi rekoneksyon oswa reparasyon liy egou , dlo elektrik ak konbistib ak tank yo.
       

K: Èd pou Reparasyon Kay la pa ase pou repare kay mwen p[ou mete li nan kondisyon orijinal la. Ki lòt bagay mwen kapab fè?

R: Èd FEMA a pa ka fè tout bagay, li la sèlman pou fè reparasyon debaz nan kay la. Apre ou aplike pouÈd akòz Katastwòf la, nou ka ba ou referans pou ale nan SBA. SBA ka kontakte ou pou ofri ou yon prè ki gen yon enterè ba. Si yo kontakte ou, ou kapab prezante yon aplikasyon sou entènèt sou sitwèb SBA.gov/disaster, or in-person at a Disaster Recovery Center. Ou pa gen obligasyon pou aksepte prè a nan SBA. Ou dwe prezante aplikasyon pou prete  lajan nan SBA anvan 10 desanm. Ale sou sitwèb DisasterAssitance.gov pou jwenn plis enfòmasyon sou lòt èd ki disponib. Ou dwe prezante aplikasyon pou jwenn èd akòz Katastwòf la anvan 10 desanm.

 

##

Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.

 

Pou yon lis resous ki disponib pou moun ak biznis ki afekte akòz Siklòn Michael, vizite www.floridadisaster.org/info

 

Pou jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Michael, vizite www.fema.gov/ht/disaster/4399.

 

Swiv FEMA ak Divizyon Jesyon Ijans Florida sou Twitter nan @FEMARegion4 epi @FLSERT. Ou ka vizite FEMA ak paj Facebook Divizyon an tou nan   Facebook.com/FEMA akFacebook.com/FloridaSERT.

 

 

Tags:
Dènye mizajou