Kesyon ak Repons sou Enspeksyon Kay

Release Date Release Number
R4 DR-4337-FL FS 012
Release Date:
October 9, 2017

Kesyon yo poze souvan sou pwosesis enspeksyon kay FEMA.

Q: Poukisa mwen dwe rankontre avèk yon enspektè?

A: FEMA-gen kontra avèk enspektè kay pou verifye domaj reyèl ak pèsonèl ki gen rapò a dezas la pou asire ou resevwa bon jan kalite asistans.

Q: Kilè mwen dwe rankontre avèk yon enspektè?

A: Apre ou fin enskri, yon enspektè ka pwograme yon lè pou rankontre w nan rezidans prensipal ou ki andomaje. Enspektè yo ap eseye kontakte w pandan twa fwa, rele nan diferan lè ak jou epi vizite kay ou si nesesè. Si enspektè yo pa ka kontakte w, yap afiche yon lèt lakay ou avèk yon nimewo telefòn ou ta dwe rele pou pwograme randevou a.

Nan zòn kote aksè a toujou limite, li ka pran plis tan pou yon enspeksyon. Antretan, ou ta dwe dokimante domaj ki nan kay ou avèk foto ak resi pou nenpòt materyèl ou te achte.

Q: Kijan mwen ka idantifye enspektè a?

A: Enspektè yo se kontraktè, men yo pa anplwaye FEMA, e yo pa mete rad FEMA. Toutfwa, enspektè w la pral gen idantifikasyon FEMA nan fòm yon badj avèk yon foto ki li FEMA ak Kontraktè. Si enspektè a pa montre foto idantifikasyon, alòs pa kontinye avèk enspeksyon an. Malerezman, dezas souvan vini avèk kriminèl ki pwofite sou bezwen sivivan dezas yo – kidonk pran prekosyon avèk malonèt ak atis malonèt. Si ou sispèk yon moun ap poze tankou yon enspektè FEMA, rele Liy Dirèk gratis Fwod Dezas nou an nan 866-720-5721, oswa otorite lapolis lokal ou.

Ou ka resevwa yon vizit nan men plizyè enspektè pandan pwosesis rekiperasyon an. Anplis FEMA gen kontra avèk enspektè lojman, reprezantan ki soti nan Administrasyon TiBiznis nan Etazini (SBA), ansanm avèk otorite lokal ak eta ka vizite tou katye yo nan zòn ki afekte yo, kidonk pa panike si ou resevwa yon vizit bò kote plizyè enspektè.

K: Ki dokiman enspektè a ap bezwen wè?

R: Ou dwe bay enspektè a prèv pwopriyete ak okipasyon. Egzanp lan gen ladan yon papye kay, yon kontra lwaye ki date avèk tèm ki siyen pa mèt kay la oswa tit pou lojman mobil.

Anplis:

  • Si ou gen asirans, enspektè a ka mande pou l wè kontra.
  • Enspektè a ka pran foto kay ki andomaje a pou ajoute nan dosye ou.
  • Si ou pa ka la, ou ka deziyen yon moun (plis pase laj 18 ane) pou rankontre avèk enspektè a nan non w. Yo ka mande w pou siyen yon otorizasyon twazyèm pati ki otorize moun sa pou rankontre avèk enspektè a.

K: Èske yon enspektè ka kondane kay mwen?

R: Non. FEMA pa pataje enfòmasyon sa a– e FEMA pa kondane pwopriyete. FEMA enspekte pwopriyete ki andomaje pou rezon pwogram rekiperasyon dezas sèlman.

K: Èske yon enspektè chaje yon frè?

R: Non. Pa janm gen yon frè pou enspeksyon an.

K: Èske yon enspektè deside si mwen kalifye?

R: Enspektè yo anrejistre domaj ki gen rapò avèk dezas la e yo pa detèmine kalifikasyon.

K: Èske yon enspektè detèmine ki kantite lajan map resevwa?

R: Enspektè yo pa detèmine kantite lajan sibvansyon w. Yo sèlman verifye pèt ou.

K: E si enspektè a pran foto domaj mwen an?

R: Enspektè kay FEMA gen kontra yo pa otorize pou pran okenn dokiman nan men aplikan, toutfwa, yo ka pran jiska 5 foto kay la pou dokimante rapò yo. Ou ta dwe santi w alèz pou pran foto sizoka ou santi li nesesè pou soumèt yo bay FEMA nan yon lòt dat.

K: Kisa kap pase si mwen rate randevou m avèk yon enspektè?

R: Si oumenm oswa moun ou deziyen an gen plis pase laj 18 ane pa nan kay la lè enspektè a rive, yap retire aplikasyon w lan. Wap bezwen pou repwograme lè ou rele liy èd FEMA nan 800- 621-3362 (vwa, 711, sèvis relè videyo). Itilizatè TTY yo ka rele 800-462-7585.

K: Kisa mwen ka fè si mwen pa dakò avèk rapò enspektè a?

R: Si ou gen kesyon sou lèt desizyon FEMA w la, ou ta dwe rele liy èd, FEMA nan 800-621-3362 (vwa, 711, sèvis relè videyo). Itilizatè TTY yo ka rele 800-462-7585. Liy telefòn gratis la ouvè apati 7 a.m. pou rive 11 p.m. sèt jou pa semèn jiska pwochen avi. Rele FEMA anvan ou soumèt yon apèl. Ou ka bezwen sèlman pou soumèt plis enfòmasyon anvan FEMA ka pran yon desizyon kalifiksyon.

  • Si sitiyasyon w nan FEMA pa ka regle nan telefòn, alòs ou ka soumèt yon apèl alekri bay FEMA ki date nan lespas 60 jou apre ou fin resevwa lèt desizyon ou. Nan lèt ou a:
    • Eksplike poukisa ou panse desizyon ou te resevwa a pat kòrèk.
    • Enkli non konplè w, dat, kote ou fèt ak adrès.
    • Lèt ou a dwe swa notarye, sa ki gen ladan yon kopi idantifikasyon eta bay oswa enkli deklarasyon ki annaprè a: “Mwen deklare la anba penalite fo temwayaj ke sa ki di piwo a se laverite epi kòrèk.’’
    • Ou dwe siyen lèt la.

Apèl yo dwe fèt alekri epi voye pa lapos oswa fakse l nan FEMA nan lespas 60 jou apre dat ou resevwa lèt la.  Li enpòtan pou date lèt apèl ou a epi voye l pa lapos nan adrès ki annaprè a:

FEMA National Processing Service Center

P. O. Box 10055

Hyattsville, MD 20782-7055

Yo ka fakse apèl yo tou nan: 800-827-8112, Attention: FEMA. Ou ka rele tou liy èd la nan 800-621-FEMA (3362) oswa TTY 800-462-7585 oswa vizite yon Sant Rekiperasyon Dezas, kote ou ka pale avèk yon moun sou dosye patikilye ou.

Tout sivivan yo ta dwe li lèt desizyon ki soti nan FEMA avèk anpil atansyon, mande kesyon, mande èd, epi di nou si ou panse nou pat pran yon bon desizyon. Nou la pou sèvi w– sivivan dezas la – e se dwa w pou mande nou pou rekonsidere desizyon nou.

K: Kisa pou m fè si enspektè a pa gade tout domaj yo ki gen rapò a dezas la?

R: Enspektè nou yo fòme pou anrejistre domaj ki gen rapò avèk dezas. Si ou vle yon enspektè vin gade ankò oswa si ou gen kesyon sou lèt detèminasyon FEMA w, ou ta dwe rele FEMA nan 800-621-3362. Liy telefòn dirèk yo ouvè apati 7 a.m. pou rive 11 p.m. sèt jou pa semèn jiska pwochen avi. Si ou gen difikilte lapawòl oswa pèt odisyon epi itilize yon TTY, rele 800-462-7585 dirèkteman; si ou itilize 711 oswa Sèvis Relè Videyo (VRS), rele 800-621-3362.

K: Kijan pou m rapòte yon pwoblèm bay yon enspektè?

R: Si ou gen pwoblèm oswa enkyetid osijè yon enspektè, ou ta dwe rele liy èd FEMA nan 800- 621-3362 (vwa, 711, sèvis relè videyo). Itilizatè TTY yo ka rele 800-462-7585. Liy telefòn gratis la ouvè apati 7 a.m. pou rive 11 p.m. sèt jou pa semèn jiska pwochen avi.

###

A home destroyed by a tree

Tags:
Dènye mizajou