Kontakte FEMA avèk Dokiman Règleman Asirans

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 093
Release Date:
November 4, 2017

ORLANDO, Fla. – Sivivan yo ki te sibi domaj van ak dlo nan siklòn Irma e ki pa jwenn kouvèti asirans pou tout domaj yo, ka inisyalman deziyen inelijib pou asistans dezas FEMA akoz de kouvèti asirans.

Menmsi ou te resevwa yon premye refi nan FEMA, ou ka kalifye annaprè pou èd apre reklamasyon asirans ou fin regle si ou ka demontre ke asirans ou pat kouvri bezwen esansyèl yo.

Kontakte konpayi asirans ou epi mande yon lèt règleman ki detaye egzakteman sa ki kouvri anba reklamasyon an.

FEMA pa kapab repwodui peman asirans lan men li ka ede kote asirans kay la ak/oswa inondasyon pa kouvri.

Ou gen jiska 12 mwa apati dat ou aplike avèk FEMA pou soumèt dosye règleman asirans ou pou revizyon. Si règleman w lan te retade pandan plis pase 30 jou apati dat ou te depoze reklamasyon w lan, ou ka ekri FEMA pou eksplike rezon pou reta. Nenpòt lajan ou te resevwa nan FEMA pral konsidere tankou yon avans e ou dwe repeye l lè ou jwenn lajan règleman an.

Si ou te resevwa yon lèt ki di ou pa kalifye, keseswa akoz kouvèti asirans oswa yon lòt rezon, ou ka sèlman bezwen lòt dokiman pou desizyon an chanje. Li enpòtan pou w li lèt ou a avèk anpil atansyon pou ka konprann desizyon FEMA kidonk ou pral konnen egzakteman sa ou bezwen fè.  

Egzanp dokiman se prèv rezidans, prèv ou se mèt kay ki andomaje a, ak prèv kay ki andomaje a se te rezidans prensipal ou nan moman katastwòf la.

Ou ka soumèt dokiman ki manke a sou entènèt nan FEMA nan www.disasterassistance.gov oswa lè ou vizite yon Disaster Recovery Center. Wap jwenn yon lis DRC ki disponib sou App FEMA oswa lè ou rele 800-621-3362.

Ou ka poste l nan:FEMA – Individuals & Households Program National Processing Service CenterP.O. Box 10055Hyattsville, MD 20782-7055 Oswa fakse dokiman w yo fax nan:800-827-8112Attention: FEMA – Individuals & Households Program 

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon, vizite,www.FEMA.gov/IrmaFL, oswa swiv nou @FEMARegion4 on Twitter ak sou  FEMA’s Facebook page.

Daliana Otero, insurance company inspector, helps survivor Minerva Hernández (left) to fill a damages report. FEMA encourages survivors whose properties suffered damages to submit a claim to their insurance company.

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak sekouris nou yo pou asire ke antanke peyi nap travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan,  ak diminye tout danje yo.

Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele  800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj.

###

Tags:
Dènye mizajou