Pran An Chaj Sekirite Fanmi w Nan Sezon Siklòn sa a

Release Date Release Number
NR-052
Release Date:
Jen 1, 2022

BATON ROUGE, La. – Jou yo long, Gòlf Meksik la ak Oseyan Atlantik la ap chofe, epi sezon siklòn nan rive yon lòt fwa ankò. Tande nouvèl sa a sèlman ka lakòz gwo estrès, sitou si ou te viv yon katastwòf anvan sa. Pou konbat estrès, pran mezi kounye a menm. Chak mezi pozitif ou pran, sa ka ede w santi w pi byen epi gen plis kontwòl.
Chèche mezi ou menm ak fanmi ou ka pran pou prepare alavans pou nenpòt bezwen ki gen rapò ak katastwòf. Li lè pou fè yon plan jodi a. 
Ofisye Kowòdinasyon Federal John Long dirije efò FEMA pou ede abitan Lwizyàn yo reprann yo aprè yon peryòd de (2) lane siklòn ak lòt katastwòf natirèl ki te trè aktif. Li mande fanmi yo pou yo pare pou sezon siklòn 2022 a. Li konseye, “Se chak fanmi ki pou planifye sa yo pral fè si gen yon menas move tan. FEMA ap travay avèk ou pou reprann nou, men w ap detèmine sekirite fanmi w nan travay w ap fè pou w prepare davans.”

Kominikasyon

Fanmi ou ka pa ansanm pandan yon tanpèt ap frape, kidonk ou bezwen konnen ki jan nou pral kontakte youn lòt epi rekonekte si nou separe. Ekri kontak ou ak plan ou. Ou kapab telechaje Kat pou Ranpli Plan Kominikasyon Ijans Familyal sou https://www.ready.gov/sites/default/files/2019-06/family_commfillable_cards.pdf. Enprime yon kopi pou chak manm fanmi an. Asire w tout moun nan fanmi an gen kopi epi sere yo yon kote ki an sekirite, tankou nan yon valiz, bous, oswa kole nan yon kaye. Mete plan sa yo sou telefòn selilè ou yo tou.
Planifye yon kote pou fanmi an rankontre, yon kote yo abitye epi ki fasil pou jwenn. Si ou gen bèt domestik oswa bèt sèvis, reflechi sou kote bèt yo abitye ale. Anvizaje kote nan kay ou, nan katye w, ak andeyò vil oswa vilaj ou a pou w prepare pou nenpòt sitiyasyon. Fè reyinyon regilye nan kay la pou revize ak pratike plan w lan.


Founiti


Lè w prepare pou yon ijans se pa sèlman pou w rete an sekirite pandan yon tanpèt oswa yon katastwòf. Epitou lii se fason pou konnen ki jan pou rete konfòtab, pwòp, nouri, ak an sante apre sa. Si kouran an koupe, ou ka pa kapab ale nan magazen an oswa labank. Prepare vle di gen pwòp manje, dlo, lajan kach, ak lòt pwovizyon ou ki pou dire omwen twa (3) jou, epi pètèt pi lontan si ou nan yon zòn ki lwen oswa ki difisil pou yo rive ladan.

Prepare yon Twous


Sonje byen, twous ou a pral depann de pwòp bezwen ou yo. Mete rad, atik twalèt, ak medikaman. Yon fwa ou gen atik debaz yo, anvizaje ki bezwen inik fanmi ou ta ka genyen, tankou founiti pou bèt domestik oswa granmoun aje. Ou ka telechaje epi enprime lis verifikasyon ijans pou paran ak timoun nan sou https://www.ready.gov/kids/family-emergency-planning/build-a-kit.


Plan Finansye 


Li se yon defi pou rebati lavi ou apre yon tanpèt ravajè oswa yon lòt ijans. Gen aksè ak dosye pèsonèl finansye, asirans, medikal ak lòt dosye enpòtan pou kòmanse pwosesis rekiperasyon an rapid ak efikasite.
    Rasanble enfòmasyon finansye ak kritik pèsonèl, familyal, ak medikal.
    Anvizaje ekonomize lajan sou yon kont depay ijans ou ta ka itilize nan nenpòt kriz. Kenbe yon ti kantite lajan kach lakay ou yon kote ki an sekirite. Li enpòtan pou w gen ti fakti sou men paske ATM ak kat kredi ka pa fonksyone pandan ak apre yon tanpèt lè w bezwen achte pwovizyon, gaz oswa manje ki nesesè.
    Chèche genyen asirans pwopriyetè kay oswa lokatè, asirans sante, epi pètèt asirans vi, si ou pa genyen yo. Egzamine politik ou a pou asire kantite ak kalite kouvèti asirans ou genyen an reponn ak egzijans yo pou danje ki ka genyen (https://www.ready.gov/be-informed). Asirans pwopriyetè kay pa anjeneral kouvri inondasyon, kidonk ou ka bezwen achte asirans pou inondasyon nan men Pwogram Nasyonal Asirans pou Inondasyon (www.floodsmart.gov).
    Pou jwenn plis konsèy itil sou asirans ak preparasyon finansye, telechaje Twous Premye Swen Finansye Ijans lan sou https://www.ready.gov/sites/default/files/2020-03/ready_emergency-financial-first-aid-toolkit.pdf


Resous yo


Abitan Lwizyàn yo ka jwenn plis enfòmasyon sou planifikasyon pou pwochen siklòn, inondasyon, oswa lòt katastwòf natirèl - lè yo ale sou https://www.ready.gov/.
Pou jwenn dènye enfòmasyon sou Siklòn Ida a, ale sou fema.gov/disaster/4611. Suiv kont Twitter FEMA Rejyon 6 la sou twitter.com/FEMARegion6 oswa sou Facebook sou facebook.com/FEMARegion6

Tags:
Dènye mizajou