FEMA dekese Anviwon $335,000 pou Pwogram Rekiperasyon Tanp Adorasyon nan Konte Nassau an apre pasaj siklòn Ida an

Release Date Release Number
21
Release Date:
January 28, 2022

NEW YORK - FEMA te dekese anviwon $335,000 pou finanse Temple Tikvah ki nan Konte Nassau an pou depans ki te fèt nan kad mezi pwoteksyon annijans yo aprè dega k te genyen nan moman pasaj Siklòn Ida an. Sa se sèlman youn nan demach FEMA te fè pou ede nan rekiperasyon ak rekonstriksyon tanp adorasyon nan eta New York yo.

Temple Tikvah (ki vle di "espwa"), ki limenm chita kò l nan New Hyde Park, N.Y., desèvi fidèl ki rete nan konte Queens ak Nassau yo. Menm jan ak plizyè lòt kay ak antrepriz nan tout rejyon an, Tanp lan te pran frap nan moman gwo lapli ki te vin ak Siklòn Ida yo nan Nòdès la. Rasanbleman sosyal yo, seremoni relijye yo ak pwogram enstriksyon relijye yo te oblije kanpe pou yon moman. Koulwa yo, sal klas yo ansanm ak kote fidèl yo konn santi yo an kontak ak pati espirityèl ki ann yo an - sanktyè yo an -- te anba dlo.

Lai Sun Yee, ki se Ajan Kowòdinasyon Federal FEMA an te di "Pwogram Asistans Piblik (Public Assistance, PA) FEMA an se yon resous esansyèl pou gouvènman eta, tribi ak lokal ki kalifye yo ak kèk òganizasyon prive san pwofi (Private Non Profit, PNP) pou finansman depans ki fèt nan kad katastwòf yo." "Finansman an jwe yon wòl ki enpòtan pou òganizasyon prive san pwofi yo ak tanp adorasyon yo. Bezwen finansman adisyonèl pou sipòte netwayaj ak reparasyon aprè yon katastwòf yo kapab reprezante yon gwo chay pou gwoup moun sa yo an patikilye, paske asirans kapab pa kouvri kèk nan depans sa yo."

Temple Tikvah, ki se premye fwa l ap aplike nan pwogram Asistans nan kad Katastwòf FEMA an, se yon ti kominote ki te gen gwo difikilte nan moman batiman ki te reprezante fwaye yo an te kraze atè plat.

Atravè pwogram Asistans Piblik FEMA an, lajan sa ki fenk dekese an pral ede Tanp (Temple Tikvah) rekipere depans ki te fèt nan kad operasyon pou retire dlo ki te anndan batiman an. Sa se sèlman youn nan plizyè pwojè yo te apwouve pou aplikan sa. 

Tanp (Temple Tikvah) lan te gen lòt pwojè ki te deja kòmanse ak FEMA tankou finansman pou debleye espas lan, pou eliminasyon move odè yo ak travay pèmanan ki kouvri reparasyon ak/oswa ranplasman batiman an ak sa ki ladan l yo.

Pwogram Asistans Piblik FEMA an pèmèt kominote yo fè entèvansyon byen rapid epi rekipere tèt yo aprè katastwòf ak sitiyasyon ijans yo. Tanp adorasyon ki se pwopriyete oswa ki anba kontwòl òganizasyon prive san pwofi (PNP) yo kapab kalifye pou aplike si kote yo fonksyone yo te sibi domaj oswa kraze nan kad yon katastwòf.

Finansman federal la disponib sou yon baz pataj depans ki reprezante 75 pousan depans ki apwouve nan kad Asistans Piblik yo. Rès 25 pousan an sòti nan fon ki pa federal yo.

Peryòd aplikasyon pou Demann Asistans Piblik la te fèmen pou sa ki gen pou wè ak Siklòn Ida nan tout konte ki elijib yo. Sepandan, FEMA kontinye travay ansanm ak eta New York lan pou sipòte yon rekiperasyon pèmanan.

Jwenn plis enfòmasyon sou pwogram Asistans Piblik FEMA an epi pou prepare tèt ou nan ka ta gen katastwòf, ale sou fema.gov/assistance/public/program-overview.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl sou efò pou rekiperasyon nan New York, ale sou fema.gov/disaster/4615. Swiv FEMA sou Twitter sou twitter.com/femaregion2 ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou