BATON ROUGE, La. – Sant Rekiperasyon apre Katastwòf FEMA yo rete ouvè nan pawas Jefferson, Lafourche, St. Charles, St. John the Baptist, Tangipahoa ak Terrebonne pou yo bay asistans an pèsòn pou rezidan ki afekte nan siklòn Ida yo.
Gras ak aplikasyon pou asistans pou katastwòf yo a, moun ki sinistre yo kapab jwenn èd, telechaje dokiman epi jwenn repons ak kesyon yo genyen sou asistans federal pou katastwòf nan nenpòt sant.
Tout sant yo ap pran prekosyon pou COVID-19. Anplwaye, volontè ak sivivan yo dwe toujou mete mask.
Moun ki sinistre yo kapab rankontre fas a fas ak espesyalis FEMA yo, soti 9 a.m. rive 6 p.m., lendi jiska samdi nan adrès sa yo:
Sant Komèsyal Tarpon Heights Konplèks Gouvènmantal Galliano (pakin) 16245 East Main Street Cut Off, LA 70345 |
Sant Lwazi Montegut 107 Recreation Drive Montegut, LA 70377 |
Pakin Sant Kominotè Edward Dufresne 274 Judge Edward Dufresne Parkway Luling, LA 70070 |
Alario Center 2000 Segnette Blvd. Westwego, LA 70094 |
Konplèks Gouvènmantal LPG 4876 LA-1 Raceland, LA 70394 |
Houma Civic Center 346 Civic Center Blvd. Houma, LA 70360 |
Roller Kingdom 210 Hewitt Road Hammond, 70403 |
Pakin Bibliyotèk Garyville 111 Historic Front St. Garyville, 70051 Remak: Fèmen a 5 p.m. |
Pou lòt detay, tcheke aplikasyon FEMA (anba Resous pou Katastwòf, chwazi Pale ak FEMA an Pèson) oswa vizite FEMA.gov/DRC pou yon lis konplè DRC yo fenk ouvè nan Louisiana yo.