GEN UIT SANT REKIPERASYON APRE KATASTWÒF FEMA NAN LOUISIANA KI RETE OUVÈ POU YO BAY SÈVIS ANPÈSÒN [https://www.fema.gov/ht/press-release/20211213/eight-louisiana-fema-disaster-recovery-centers-remain-open-person-service] Release Date: December 13, 2021 BATON ROUGE, La. – Sant Rekiperasyon apre Katastwòf FEMA yo rete ouvè nan pawas Jefferson, Lafourche, St. Charles, St. John the Baptist, Tangipahoa ak Terrebonne pou yo bay asistans an pèsòn pou rezidan ki afekte nan siklòn Ida yo. Gras ak aplikasyon pou asistans pou katastwòf yo a, moun ki sinistre yo kapab jwenn èd, telechaje dokiman epi jwenn repons ak kesyon yo genyen sou asistans federal pou katastwòf nan NENPÒT sant.  TOUT SANT YO AP PRAN PREKOSYON POU COVID-19. ANPLWAYE, VOLONTÈ AK SIVIVAN YO DWE TOUJOU METE MASK.    Moun ki sinistre yo kapab rankontre fas a fas ak espesyalis FEMA yo, soti 9 a.m. rive 6 p.m., lendi jiska samdi nan adrès sa yo:  SANT KOMÈSYAL TARPON HEIGHTS Konplèks Gouvènmantal Galliano (pakin) 16245 East Main Street Cut Off, LA 70345 SANT LWAZI MONTEGUT 107 Recreation Drive   (ang sidès Ri Cross & Dolphin) Montegut, LA 70377 PAKIN SANT KOMINOTÈ EDWARD DUFRESNE 274 Judge Edward Dufresne Parkway Luling, LA 70070 ALARIO CENTER 2000 Segnette Blvd. Westwego, LA 70094 KONPLÈKS GOUVÈNMANTAL LPG 4876 LA-1 Raceland, LA 70394 HOUMA CIVIC CENTER 346 Civic Center Blvd. Houma, LA 70360 ROLLER KINGDOM 210 Hewitt Road Hammond, 70403 PAKIN BIBLIYOTÈK GARYVILLE 111 Historic Front St. Garyville, 70051 REMAK: FÈMEN A 5 P.M. Pou lòt detay, tcheke aplikasyon FEMA (anba Resous pou Katastwòf, chwazi Pale ak FEMA an Pèson) oswa vizite FEMA.gov/DRC [https://fema.gov/DRC] pou yon lis konplè DRC yo fenk ouvè nan Louisiana yo.