Lokatè yo Kapab Kalifye pou Asistans pou Katastwòf

Release Date Release Number
008
Release Date:
September 30, 2021

NEW YORK -- Asistans federal pou katastwòf se pa sèlman pou pwopriyetè kay yo. Li disponib tou pou lokatè ki kalifye yo, epi li kapab kouvri depans tankou mèb, ekipman ki genyen rapò ak travay, reparasyon machin, menm bòdwo medikal ak dantè katastwòf lakòz.

Lokatè nan konte Bronx, Kings, Nassau, Queens, Richmond, Rockland, Suffolk ak Westchester ki te sibi dega, pèt oswa ki pa kapab viv nan kay yo apre Siklòn Ida kapab kalifye pou èd nan FEMA ak Administrasyon Ti Biznis Ameriken an.

Si ou genyen asirans lwaye, kontakte founisè asirans ou a anvan w depoze yon reklamasyon. Apresa aplike ak FEMA. Si ou gen kouvèti asirans, ou dwe founi enfòmasyon sou konpayi asirans ou an ki kapab genyen ladan li yon akò oswa yon refi.

Asistans lwaye FEMA fèt pou kouvri lwaye chak mwa avèk depans sèvis esansyèl yo (sètadi gaz, elektrisite ak dlo). Sibvansyon FEMA kapab itilize tou pou depo sekirite, men se pa pou telefòn, kab oswa sèvis entènèt.

Lokatè yo dwe kapab pwouve yo te okipe rezidans prensipal ki te andomaje nan katastwòf la anvan yo resevwa Èd Lojman FEMA ak kèk lòt kalite Èd FEMA bay (sètadi, pou pwopriyete pèsonèl ak pou demenaje ak depans pou depo).

Pou pwouve ou se yon lokatè, yon sinistre kapab soumèt bay FEMA: yon kontra lwaye oswa yon akò lojman, resi lwaye, bòdwo sèvis piblik, deklarasyon komèsan, deklarasyon ofisyèl piblik, kat idantifikasyon, dokiman òganizasyon sèvis sosyal, dokiman lekòl lokal yo, dokiman avantaj federal oswa leta, papye machin, dokiman legal ki pwouve ou ap viv la oswa lòt dokiman tribinal ak dokiman pak kay mobil. Espesyalis liy asistans FEMA nan 800-621-3362 (711 / VRS) kapab bay plis enfòmasyon sou dokiman akseptab, dat yo ak deskripsyon yo. 

Yo kapab oryante lokatè yo bay Administrasyon Ti Biznis Etazini an, ki bay prè pou katastwòf ki pa genyen anpil enterè pou sinistre yo. Prè SBA kapab ede ak pèt asirans pa kouvri. Lokatè yo kapab aplike pou prè jiska $ 40,000 pou repare oswa ranplase sa ki nan kay la ki andomaje oswa detwi tankou rad, mèb, aparèy ak lòt pwopriyete pèsonèl ki genyen ladan machin yo. Yo kapab oryante moun ki pa kalifye pou yon prè SBA tounen nan pwogram sibvansyon Èd FEMA a.

Si yo oryante w bay SBA, ou ta dwe ranpli epi soumèt aplikasyon an. Si yo apwouve aplikasyon w lan ou pa oblige aksepte prè pou katastwòf SBA a men, si ou pa soumèt aplikasyon an, sa kapab diskalifye ou nan lòt asistans FEMA, tankou reparasyon machin ki genyen rapò ak katastwòf, atik esansyèl nan kay ak lot depans.

 Gen plizyè fason pou aplike pou w kapab jwenn èd FEMA:

  • Vizite DisasterAssistance.gov, itilize aplikasyon mobil oswa rele nan liy FEMA nan 800-621-3362 (711/VRS). Liy yo louvri jou chak semèn, soti 8 a.m. pou rive 7 p.m. epi kapab konekte w ak yon espesyalis ki pale lang ou. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo, sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.

FEMA te ouvri tou yon Sant Retablisman pou Katastwòf pou reponn ak ekip pèsonèl FEMA yo epi lòt reprezantan ajans federal ak ajans leta ki kapab founi enfòmasyon sou asistans katastwòf ki dwe disponib pou ou. Pou jwenn yon sant retablisman pre ou, vizite DRC Locator (fema.gov).

Pou aplike pou yon prè SBA, vizite sit entènèt sekirize SBA a nan https://DisasterLoanAssistance.sba.gov [/ u] Ou kapab voye imèl tou DisasterCustomerService@SBA.gov oswa rele Sant Sèvis Kliyan SBA a nan 800-659-2955 pou plis enfòmasyon.

Dènye jou pou aplike pou asistans FEMA se Vandredi, 5 Novanm.

Pou resous adisyonèl anliy tankou depliyan FEMA ou kapab telechaje, vizite www.disasterassistance.gov epi klike sou "Enfòmasyon.”"

Pou yo ka refere w bay ajans ki sipòte bezwen espesyal kominote a, kontakte sant Kontaj 211 (211Counts) ki pi pre w la nan https://www.211nys.org/contact-us oswa rele 211. Pou rezidan Vil New York, rele 311.

Pou dènye enfòmasyon konsènan enfò rekiperasyon ki ap fèt nan kad Siklòn Ida an, vizite fema.gov/disaster/4615. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/femaregion2 epi www.facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou