Tout Moun genyen Aksè Egal pou Èd FEMA

Release Date Release Number
007
Release Date:
September 27, 2021

NEW YORK – Tout sinistre katastwòf la genyen aksè egal pou jwenn enfòmasyon sou pwogram federal asistans pou katastwòf, ki genyen ladan kòman pou aplike pou yo.

Eta New York ak FEMA angaje yo pou ede tout moun Rès Siklòn Ida afekte, genyen ladan yo sa ki genyen andikap epi bezwen aksè ak bezwen fonksyonèl. Si ou bezwen yon aranjman oswa asistans akòz yon andikap oswa aksè, tanpri fè FEMA konnen lè ou aplike pou asistans oswa nenpòt lè nan moman pwosesis èd pou katastwòf lan.

Asistans la kapab sou fòm yon sibvansyon.

Abitan konte Bronx, Kings, Nassau, Queens, Richmond, Rockland, Suffolk and Westchester kapab aplike pou asistans FEMA pou reparasyon kay epi lòt katastwòf-ki lye ak depans nesesè yo. Dega ak pèt premye kay ou an sibi kapab rive soti 1-3 Septanm.

Pou aplike pou asistans FEMA: Vizite DisasterAssistance.gov, itilize aplikasyon mobil oswa rele nan liy FEMA nan 800-621-3362 (711/VRS). Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo, sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Operatè liy èd yo disponib jou chak semèn, soti 8 a.m. pou rive 7 p.m. epi kapab konekte w ak yon espesyalis ki pale lang ou.

Ou ap genyen bezwen enfòmasyon sa yo lè ou ap aplike:

  • Non ak Nimewo Sekirite Sosyal premye kandida
  • Non ak SSN dezyèm/kandida asosye (ankouraje men ki pa obligatwa)
  • Adrès aktyèl ak anvan katastwòf la
  • Non tout moun ki te nan fanmi an anvan katastwòf lan
  • Enfòmasyon kontak aktyèl
  • Tip asirans fanmi an posede
  • Revni brit fanmi an pou chak ane avan katastwòf lan
  • Pèt katastwòf la lakòz
  • Enfòmasyon bankè pou depo dirèk oswa asistans finansyè, si ou bezwen

FEMA te ouvri yon Sant Retablisman pou Katastwòf pou reponn ak ekip pèsonèl FEMA yo epi reprezantan ajans federal ak ajans leta ki kapab founi enfòmasyon sou asistans katastwòf ki dwe disponib pou ou. Pou jwenn yon sant retablisman pre ou, vizite DRC Locator (fema.gov).

FEMA kapab founi tou entèprèt, soutit nan tan reyèl, ak enfòmasyon adapte sou fòm tankou bray, gwo karaktè, vèsyon son ak elektwonik. Ajans yo founi tou sèvis gratis pou ede moun kominike ak ekip pèsonèl FEMA epi konprann pwogram li yo. Pami èd sa yo genyen:

  • Enfòmasyon disponib sou fòm elektwonik aksesib nan sit entènèt ak medya sosyal FEMA
  • Entèprèt Lang Siy Ameriken Kalifye
  • Entèprèt plizyè lang kalifye
  • Enfòmasyon ki ekri nan plizyè lang

Jounal, radyo, televizyon, medya sosyal, responsab lokal ak patnè sektè prive yo ap ede pataje enfòmasyon rekouvreman enpòtan yo.

Pou yo ka refere w bay ajans ki sipòte bezwen espesyal kominote a, kontakte sant Kontaj 211 ki pi pre w la nan https://www.211nys.org/contact-us. Nan Vil New York, rele 311. Pou zòn ki alantou yo, rele 211.

Pou plis resous anliy, ak depliyan FEMA ak lòt èd ou kapab telechaje, vizite www.disasterassistance.gov epi klike sou "Enfòmasyon.”"

Pou dènye enfòmasyon konsènan efò rekiperasyon ki ap fèt nan kad Siklòn Ida an, vizite fema.gov/disaster/4615. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/femaregion2 epi www.facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou