Li enpòtan pou w soumèt yon Aplikasyon Prè ak SBA.

Release Date Release Number
006
Release Date:
September 23, 2021

Brooklyn, N.Y. – Apre ou fin aplike pou asistans pou dezas ak FEMA,  yo ka refere ou nan Administrasyon Ti Biznis (Small Business Administration, SBA) nan peyi Etazini  Si yo refere ou nan SBA, ou dwe ranpli aplikasyon an epi soumèt li.

Si yo apwouve aplikasyon ou an, ou pa oblije aksepte yon prè dezas SBA men si ou pa soumèt aplikasyon an ou ka vin pa kalifye pou lòt asistans FEMA ki ka genyen, tankou reparasyon machin ki gen pou wè ak dezas, bagay enpòtan ou bezwen lakay ou, ak lòt depans.

Prè dezas SBA yo se pi gwo sous finansman retablisman apre dezas pou sivivan yo.  Lè w ap planfiye retablisman ou, bay tèt ou tout opsyon ki posib. Lè ou soumèt aplikasyon an sa rann li posib pou yo konsidere pwopriyetè kay ak lokatè yo pou plis sibvansyon FEMA>

Aplikan yo ka aplike anliy nan sit sekirize SBA a nan DisasterLoanAssistance.sba.gov oswa yo ka voye yon imèl bay DisasterCustomerService@SBA.gov pou jwenn plis enfòmasyon sou pwogram asistans SBA a.

Epitou, aplikan yo ka rele Sant Sèvis Kliyan SBA a nan 800-659-2955 oswa voye yon imèl baydisastercustomerservice@sba.gov pou jwenn plis enfòmasyon sou asistans dezas SBA a. Moun ki soud oswa ki tande di yo ka rele 800-877-8339.

Biznis yo ka prete jiska 2 miyon dola pou nenpòt konbinezon dega nan pwopriyete oswa lajan pou fonksyone. Pwopriyetè yo ka prete jiska $200,000 nan men SBA pou reparasyon oswa ranplasman kay prensipal yo. Pwopriyetè ak lokatè yo ka prete jiska $40,000 pou reparasyon oswa ranplasman pwopriyete pèsonèl yo.

Aplikan yo ka kalifye pou yon ogmantasyon nan prè jiska 20 pousan dega fizik yo, selon verifikasyon SBA, pou zafè mitigasyon. Amelyorasyon mitigasyon elijib ka gen ladan ponp, elevasyon, drenaj oswa kenbe mi ou ede pwoteje pwopriyete yo ak moun k ap viv nan kay yo kont deja yon dezas konsa pi devan.

To enterè kòmanse ba, a 2.855 pousan pou biznis, 2 pousan pou òganizasyon benevòl yo ak 1.563 pousan pou pwopriyetè ak lokatè yo, pou jiska 30 lane.  Montan kredi yo ak kondisyon yo se SBA ki tabli yo selon sitiyasyon finansyè chak aplikan.

Dat limit pou retounen aplikasyon pou dega nan pwopriyete yo se 4 novanm 2021. Dat limit pou retounen aplikasyon pou lajan pou fonksyon an se 6 jen 2022.

Administrasyon Depatman Sante ak Sèvis Sosyal ak Sèvis Sosyal pou Abi Sibstans ak Sévis Sante Mantal  Etazini te aktive liy Detrès pou Dezas li a. Nimewo sa a gratis epi gen moun ki pale tout lang k ap reponn 24 sou 24, 7 jou sou 7 nan telefòn nan 800-985-5990 pou sivivan dezas ki gen pwoblèm emosyonèl yo. Moun ki itilize ASL yo ka kontakte DDH nan televideyo nan 800-985-5990, oswa lè yo chwazi opsyon “ASL Now” sou sitwèb DDH la nan disasterdistress.samhsa.gov.

Pou jwenn plis resous anliy, tankou ti liv ak lòt dokiman FEMA ou ka telechaje, ale sou  www.disasterassistance.gov epi klike sou « Information » (Enfòmasyon).

Pou referans nan jans ki apiye bezwen espesifik kominote a, kontakte sant pou konte 211 ki pi pre w la nan https://www.211nys.org/contact-us.  Nan NYC rele 311 pou zòn nan andeyò rele, 211.

Tags:
Dènye mizajou