Pwojè Pi Devan Obligasyon Rekiperasyon Lojman, Enèji ak Transpò Prentan

Release Date Release Number
NR 187
Release Date:
Jen 28, 2021

ST. CROIX, Zile Vyèj Etazini - Yon fokalizasyon sou bati pi solid ak plis entelijans te pouse pwojè rekiperasyon yo pi devan pandan sezon prentan ki sot pase a pou ranfòse rezilyans santral elektrik Teritwa a, revitalize lojman kominotè siklòn te andomaje ak reparasyon wout ki fèt pou reziste anba siklòn.   

Apati 16 jen, Pwogram Asistans Piblik FEMA a te mete disponib 675.2 milyon dola pou 78 pwojè depi 21 mas 2021, pou reparasyon pèmanan nan enfrastrikti andomaje nan Siklòn Irma ak Siklòn Maria nan mwa septanm 2017 la. Sa te ogmante finansman jeneral pou rekiperasyon ke Zile Vyèj Etazini te rann disponib a 1.2 milya dola pou travay pèmanan ke PA sipòte.

Direktè Rekiperasyon Kristen Hodge te di “Objektif nou nan sipòte rekiperasyon siklòn Irma ak Maria se aplike solisyon inovatè pou nou simonte defi ke tanpèt destriktè a te kite dèyè pou reponn ak priyorite Teritwa a nan ranfòse liy vi kominote Zile Vyèj yo. FEMA ap kontinye travay avèk patnè teritoryal nou pou navige nan direksyon yon rekiperasyon ekitab pou tout Zile Vyèj yo“

Adrienne L. Williams-Octalien, Biwo Direktè Rekiperasyon Dezas te deklare, “Obligasyon ki sot vini yo pou lojman kominotè nou yo, wout ak sistèm elektrik yo rive alè epi yo esansyèl pou amelyore lavi chak jou moun nan Zile Vyèj yo. Biwo nou an rete konsantre sou travay ak patnè lokal ak federal nou yo pou garanti ke obligasyon yo ap kontinye nan travay rekiperasyon pèmanan an.”

Prentan ki sot pase a, 99.6 milyon dola te vin disponib pou reparasyon pou lojman kominotè. Pami Pwojè yo genyen:

  • Obligasyon 16.6 milyon dola pou reparasyon Lojman Kominote Estate Bovoni a ak Sant Kominotè ak 3.5 milyon dola pou Estate Tutu Apartment nan St Thomas, ak 7.7 milyon dola pou Walter I M Hodge Pavilion an ak 3.4 milyon dola pou Aureo Diaz Housing Community nan St Croix.  

Pwojè pou fè reparasyon nan kominote lojman yo gen ladan Pwopozisyon Mitigasyon Danje pou rann fenèt, pòt, ak twati kay plis rezistan kont ravaj tanpèt yo. Pwosesis la genyen ladann:

  • 1.9 milyon dola pou Lojman Kominote Estate Bovoni pou genyen ladan ranplasman plafon andomaje ak dlo ak playwoud ki ka reziste ak mwazi ak enstalasyon kalfetraj ki ka reziste ak dlo alantou fenèt ak pòt yo.
  • 541,061 pou Walter I M Hodge Pavilion pou amelyore kanivo ki andomaje yo, planche vinil, materyèl pòt yo ak tretman beton ki fèt ak izolan baz epokis ansanm ak kalfetraj pòt ak fenèt, ak ekleraj sekirite eksteryè.

Kowòdinasyon ant gwoup sèvis piblik FEMA a ak Teritwa a pou ranfòse santral elektrik la atravè Zile Vyèj Etazini yo te pwodui an avril yon obligasyon 172.5 milyon dola pou reparasyon pèmanan distribisyon elektrik nan St Thomas. Sa gen ladan yon 170.8 milyon dola Pwopozisyon Mitigasyon Danje pou plan Administrasyon Dlo ak Kouran (Water and Power Authority, WAPA) nan Zilye Vyèj pou konstwi yon santral elektrik ki pi fyab ak pi rezistan.

172.5 milyon dola a se anplis 143 milyon dola ki te deja disponib pou fè distribisyon kouran St Thomas pi rezistan pou yon obligasyon total 315.5 milyon dola pou pwojè a.

Mezi mitigasyon yo genyen:

  • Enstalasyon alimantatè prensipal anba tè ak poto konpozit pou bay ranfòsman santral elektrik la sèvis elektrik ki pi fyab pou kliyan yo.
  • Travay la ta estabilize sèvis elektrik soti nan pwent lwès la nan St Thomas nan kominote diferan nan Distri St Thomas/St John.
  • Reparasyon distribisyon elektrik yo ka asire yon estabilizasyon pi rapid santral elektrik la apre dezas.

Travay yo ap kontinye ant Gwoup Transpò FEMA a ak Depatman Travo Piblik Zile Vyèj sou pwojè pou reparasyon pèmanan nan wout Teritwa a ak enstalasyon DPW a. Kowòdinasyon sa a te mennen sou yon obligasyon 57.1 milyon dola nan prentan ki sot pase a pou pwojè DPW.

FEMA te rann disponib 9.1 milyon dola pou reparasyon DPW nan Anna Hope Compound nan St Croix. Pwojè a gen ladan 279,953 dola pou yon Pwopozisyon Mitigasyon Danje. Travay pou ranfòse dirabilite Hope Anna Compound nan dezas gen ladan:

  • Enstalasyon fenèt, pòt, ak panno twati ki pi solid pou fè yo pi rezistan a van ak lapli nan tanpèt.

Pwojè wout ak basen vèsan yo genyen:

  • Yon obligasyon 2 milyon dola pou fè reparasyon pou wout bay aksè a katye nan zòn nan Sandy Point sou St Croix. Pwojè a gen ladan 901,343 dola pou yon Pwopozisyon Mitigasyon Danje.
    • Mezi mitigasyon yo ta ranfòse pave nan wout yo ak twal pèmeyab ak amelyore drenaj bò wout ak fouy wout yo ak vwa navigab pave.
  • Yon obligasyon 2.8 milyon dola pou fè reparasyon pou wout andomaje nan inondasyon pandan Siklòn Maria nan Estate Mount Pleasant nan St Croix. Pwojè sa a gen ladan 1,2 milyon dola pou yon Pwopozisyon Mitigasyon Danje.
    • Mezi mitigasyon yo ta dwe ranfòse pave ki gen plis tandans pou deteryore yo epi lakòz ewozyon. Sa pral pèmèt pave yo pi byen reziste ak domaj gwo kamyon oswa reziste ewozyon.
  • Yon obligasyon 5.1 milyon dola pou fè reparasyon pou wout ak yon navèt waf ak ranp sou Water Island. Pwojè a gen ladan 2.4 milyon dola pou yon Pwopozisyon Mitigasyon Danje.
    • Mezi mitigasyon yo ta dwe ranfòse pave ki gen plis tandans pou degrade epi sibi ewozyon, amelyore drenaj dlo lapli pou redui domaj enfrastrikti ak ewozyon, epi ajoute kanalizasyon, kanivo oswa vwa navigab pave.
  • Yon obligasyon 10 milyon dola pou Jersey Bay ak Smith Bay basen vèsan nan St Thomas. Pwojè konbine a gen ladan 4 milyon dola pou yon Pwopozisyon Mitigasyon Danje. Estrateji pwopozisyon mitigasyon pou wout nan basen vèsan yo se:
    • Ranfòse estrikti pave a ki ta ka pi tendans degrade oswa sibi ewozyon ak jere dlo lapli gras ak amelyorasyon drenaj pou diminye efè yo nan degradasyon enfrastrik ak ewozyon ekoulman. Sa pral fèt sitou gras ak itilizasyon kanivo ak konstwiksyon vwa navigab pave.

FEMA kontinye travay avèk Teritwa a nan reparasyon pèmanan nan bilding piblik yo tou. Pwojè yo te finanse prentan ki sot pase a te gen ladann:

  • Yon obligasyon 7.9 milyon dola pou Administrasyon Devlopman Ekonomik Zile Vyèj (V.I. Economic Development Authority, V.I EDA) pou reparasyon nan bilding William D. Roebuck Industrial Park 1,2,3 ak 4 ak kloti perimèt nan St Croix a. Pwojè a gen ladan 2,9 milyon dola pou yon Pwopozisyon Mitigasyon Danje.
  • Mezi mitigasyon pou bilding pak endistriyèl la ap gen ladan:
    • Ranplasman twati kay la ak tòl asye galvanised ak sang twati pou amelyore rezistans.
    • Ranplasman pòt eksteryè yo ak pòt ki enpèmeyab ak ankadreman an asye pou anpeche oswa minimize enfiltrasyon dlo.
    • Amelyore kanivo ak tiyo evakyasyon pou mennen dlo yo lwen estrikti yo pou anpeche domaj enteryè oswa domaj dlo nan sousòl.
  • Yon obligasyon 7.3 milyon dola pou reparasyon bilding  V.I EDA Industrial Park Development Corp. nan St. Thomas. EDA a ap prepare yon pwogram travay final pou revizyon pou demolisyon ak ranplasman plan pou bilding nan Sub Base la.

FEMA pral kontinye ogmante resous li yo ak konsantre sou livrezon ekitab nan pwogram PA li yo ak konsantre sou priyorite Teritwa a pou yon rekiperasyon nan benefis tout moun Zile Vyèj yo. Efò pou pwoteje liy vi, anpeche ak mitige enpak potansyèl yo, ak tounen bati nan fason ki pi solid ak pi entelijan pandan rekiperasyon an pral mennen ak rezilyans jeneral nan Zile Vyèj Etazini yo.

Sa pral asire enstalasyon esansyèl ki bay kouran, dlo, twou egou, tretman dlo ize, kominikasyon, edikasyon, swen medikal ijans ak sèvis ijans yo pi rezistan ak ravaj siklòn pou jenerasyon k ap vini yo. 

FEMA has obligated $7.3 million through its Public Assistance Program for permanent repairs to the V.I. Industrial Park Development Corp. building in Sub Base.

St Thomas, Zile Vyèj Etazini, 19 avril 2021 - FEMA te rann disponib 7.3 milyon dola nan kad Pwogram Asistans Piblik li yo pou reparasyon pèmanan nan bilding Sub Base V.I Industrial Park Development Corp la. Bilding lan te andomaje pandan siklòn Irma ak Maria nan mwa septanm an 2017. Fotos FEMA

 FEMA obligated $9.5 million this month through its Public Assistance Program for repairs to the Oswald Harris Housing Community. A Hazard Mitigation Proposal of $788,967 will include Installation of reinforcement for solar panels, stainless-steel doors,

St Thomas, Zile Vyèj Etazini, 2 avril 2021 - FEMA te rann disponib 9.5 milyon dola nan kad Pwogram Asistans Piblik li yo pou reparasyon Oswald Harris Housing Community. Yon Pwopozisyon Mitigasyon Danje 788,967 dola ap gen ladan Enstalasyon ranfòsman pou panno solè, pòt an asye, planche lamine, angrenaj pwoteksyon ekleraj anplis izolan epoksi nan mi yo.

- FEMA obligated $10 million in May through its Public Assistance Program for the Jersey Bay and Smith Bay Watershed project toward the East End of the island.

St Thomas, Zile Vyèj Etazini, 26 me 2021 - FEMA te rann disponib 10 milyon dola nan mwa me atravè Pwogram Asistans Piblik li yo pou pwojè Basen vèsan Jersey Bay ak Smith Bay Basen vèsan nan East End zile a. Pwojè konbine a gen ladan 4 milyon dola pou yon Pwopozisyon Mitigasyon Danje pou ranfòse pave wout yonan zòn ki gen tandans deteryore ak zòn gwo ewozyon ak mezi pou amelyore drenaj dlo lapli.

Tags:
Dènye mizajou