Moun ki Detantè Kontra Asirans Inondasyon: Konprann Opsyon reklamasyon ou yo

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 072
Release Date:
October 24, 2017

ORLANDO, Fla. – Nan yon efò pou sivivan yo jwenn rapidman lajan rekiperasyonn an. Pwogram Nasyonal Asirans pou Inondasyon FEMA (NFIP) te amelyore pwosesis reklamasyon asirans pou inondasyon avèk chanjman sou kijan pou fè reklamasyon. Si ou se yon detantè kontra asirans, konprann pwosesis ak opsyon pou akselere rekiperasyon w nan Siklòn Irma.

Peman davans ka disponib:

Peman davans ka disponib pou detantè kontra asirans ki kalifye yo. Apre ou fin depoze reklamasyon w, diskite sou peman davans avèk konpayi asirans ou.

  • Ou ka resevwa yon chèk pou jiska $5,000 kòm yon peman davans sou reklamasyon inondasyn w san yon ajistè pa vin vizite w oswa pou yo mande lòt dokiman. Avèk peman davans lan, ou pral resevwa yon lèt ki eksplike ke lè ou aksepte peman an, ou  sètifye ke ou te sibi domaj akoz inondasyon an.
  • Jiska $20,000 ka disponib nan peman davans si ou bay foto ak resi ki montre depans ki soti nan pòch ou ki gen rapò a pèt ou te fè nan inondasyon an oswa estimasyon detaye yon kontraktè.

Yo dedwi peman davans nan kantite lajan règleman reklamasyon final la e li ka itilize sèlman daprè tèm sou Règleman Estanda Inondasyon. Antretan, pa rete tann pou netwaye lakay ou. Pran foto oswa fè videyo kay la ki inonde a, apresa retire atik ki domaje nan inondasyon an– espesyalman si la yo ki ka poze yon menas pou sante, tankou manje ki ka kate, rad, kousen, zorye, elatriye. Pou w jwenn lis enfòmasyon sou netwayaj ki san danje apre inondasyon an, klike isit la.

Anile Prèv pou Pèt

Nan yon lòt efò pou rasyonalize pwosesis reklamasyon an, Pwogram Nasyonal Asirans kont Inondasyon te anile egzijans inisyal prèv. Lè ajistè a vizite epi evalye domaj inondasyon w lan, li pral travay avèk ou pou dokimante reklamasyon w, epi soumèt yon rapò pou konsiderasyon nan konpayi asirans lan. Yo pral detèmine kantite lajan apre konpayi asirans lan fin revize rapò a.

Ou pral bezwen pou soumèt sèlman yon Prèv sou Pèt la si:

  • ou jwenn dega inondasyon siplemantè;
  • ou pa dakò avèk sa konpayi asirans lan peye w la;
  • estimasyon kontraktè w la plis pase estimasyon ki sou rapò inisyal ke yo voye bay konpayi asirans lan.

Delè limit pou soumèt POL la se yon lane apati dat pèt inondasyon an.   

Apre enspeksyon w, konpayi asirans lan dwe ba ou sa ki annaprè a:

  • Yon kopi rapò ajistè a ki sipòte peman ki rekòmande a.
  • Yon eksplikasyon alekri sou diferans nan peman si li mwens pase rapò ajistè a.
  • Yon Lèt Peman reklamasyon sou Rapò Ajistè a.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou sa pou fè ak konnen apre enspeksyon an, wap jwenn referans nan Post Inspection One Pager for Flood Insurance Policyholders.

Lòt Asistans

Si ou bezwen èd pou jwenn konpayi asirans ou, rele Liy Èd FEMA, 800-621-3362 (Vwa, 711 oswa VRS) oswa 800-462-7585 (TTY). Si ou pa satisfè avèk desizyon sou reklamasyon ou, NFIP ofri yon pwosesis kontestasyon gratis: www.fema.gov/flood-claim-appeals-and-guidance.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon an, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, oswa swiv nou nan @FEMARegion4 on Twitter ak sou FEMA’s Facebook page.

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak sekouris nou yo pou asire ke antanke peyi nap travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan,  ak diminye tout danje yo.

Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele  800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj.

Tags:
Dènye mizajou