Diferans enpòtan ant Sant pou Retablisman akoz Katastwòf (Disaster Recovery Centers, DRC), ekip Asistans pou Sivivan Katastwòf (Disaster Survivor Assistance, DSA), ak Sant pou Anrejistreman Mobil akoz Katastwòf (Disaster Mobile Registration Intake Centers

Release Date Release Number
DR-4337-FL FS 007
Release Date:
October 9, 2017

ORLANDO, Fla. – Pou sivivan ki bezwen asistans FEMA, genyen twa fason pou pale avèk yon espesyalis nan anrejistreman.

Sant pou retablisman akoz katastwòf (Disaster Recovery Centers, DRC): DRC yo ofri sipò an pèsòn pou moun ak pwopriyetè ti antrepriz. Espesyalis pou retablisman nan Ajans Federal pou Jesyon Kadijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA), Administrasyon Ti Antrepriz Ozetazini (U.S. Small Business Administration, SBA), ak eta a disponib pou ede sivivan yo. DRC yo kapab:

  • Bay asistans pou ranpli aplikasyon
  • Mete ajou estati yon sivivan
  • Bay sèvis rekòmandasyon pou òganizasyon volontè ki ofri yon varyete sèvis pou sivivan yo
  • Ofri aksè nan Administrasyon Ti Antrepriz Ozetazini pou prete lajan ak sèvis kliyan.

Sant pou Anrejistreman Mobil (Mobile Registration Intake Center, MRIC): Sèl fonksyon MRIC yo se pou anrejistre sivivan yo. MRIC yo deplase regilyèman epi yo ka nan yon zòn pandan yon ti bout tan pou kontakte sivivan yo ki bezwen èd pou anrejistreman sèlman.

Asistans pou sivivan katastwòf (Disaster Survivor Assistance, DSA): Ekip DSA yo ale kay an kay nan zòn ki afekte yo epi yo ka:

  • Anrejistre sivivan yo pou asistans FEMA, si sa nesesè.
  • Rekòmande sivivan yo bay patnè nan kominote a pou bezwen yo ki poko satisfè.
  • Rekòmande sivivan yo nan yon DRC lè yo nesesite plis asistans.

JWENN YON LIS SANT POU RETABLISMAN AKOZ KATASTWÒF: Yon lis DRC disponib sou FEMA App la oswa lè w rele 800-621-3362. Pou TTY rele 800-462-7585. TEXT 43362 (4FEMA), tarif konpayi telefòn nan ak done ka aplikab.

###

 

Tags:
Dènye mizajou