Ant Devastasyon ak Sekou: Yon Mwa Apre Ouragan Irma

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 051
Release Date:
October 10, 2017

ORLANDO, Fla. –Depi Pensacola nan pwent lwès Panhandle jiska Key West, Ouragan Irma te gen yon konsekans sevè toupatou nan eta Florida.

 

Yon repons global federal, leta, lokal ak sektè prive a te fasilite 99.9% popilasyon an vin gen kouran elektrik ankò nan 10 jou apre ouragan te rive atè. Atanplen, te gen kèk 60,000 travayè sèvis piblik nan eta a. yo te mete depo gaz anplas toupatou nan eta a ki te bay gaz pou premye sekouris yo ak travayè sèvis piblik yo, pou fasilite yo travay san sispansyon.

 

Pandan n ap vanse pou retounen nan aktivite nou, FEMA, gouvènman leta ak gouvènman lokal yo angaje pou ede moun Florida nan rebati lavi yo apre siklòn nan. Enskripsyon avèk FEMA se premye etap pou kòmanse pwosesis pou retounen nan aktivite ou. Prèske 2.4 milyon pwopriyetè kay ak lokatè ki te soufri domaj akòz Ouragan Irma enskri deja. Dat limit pou enskri avèk Ajans Federal pou Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) pou èd federal posib pou katastwòf se 9 novanm.

 

Nan yon mwa depi deklarasyon gwo katastwòf nan Florida, aktivite yo kontinye ap reprann. Men yon apèsi nan pwogrè jeneral kominote a te fè avèk efò travayè ijans, volontè yo ak òganizasyon kominotè yo ki te travay san pran souf.

$847 milyon dola

 

Yo te apwouve yon finansman  pou plis pase $847 milyon nan èd leta ak èd federal pou katastwòf la pou viktim Ouragan Irma yo ak kominote yo.

 

Residential property severely damaged by Hurricane Irma.

 

$494 milyon pou lojman

$245 milyon pou lòt bezwen

Moun ki kalifye pou èd la te resevwa plis pase  $494 milyon pou èd pou lojman ak plis pase $245 milyon pou lòt bezwen yo.

a long line of people bring items to a trailer in a school parking lot

 

 

4, 536 do kay

 

Operasyon Do Kay Ble, yon pwogram Inite Enjenyè Fòs Lane Etazini FEMA mete pou travay nan katastwòf yo, to te mete bach plastik nan zòn domaje pou 4,536 do kay pou ede evite lòt domaj.

 

Contracted workers install a blue tarp on a roof.

 

18, 000 referans

Ekip Asistans FEMA pou Viktim yo te fè prèske 18,000 referans ba pwogram ki pa komèsyal k ap sèvi moun ak kominote yo, tankou 211 òganizasyon charite ki baze nan telefòn, òganizasyon charite ki baze nan legliz, Lakwa-Wouj Ameriken, sèvis pou granmoun aje konsèy pou kriz ak sèvis veteran.

four people loading supplies into the trunk of a car
 

6.7 milyon repa antou

Volontè yo te distribiye plis pase 6.7 milyon repa. Pami yo manm Lakwa-Wouj Ameriken ki te bay prèske 1.2 milyon repa ak kolasyon.

Shane Vansant (right) and Joshua Howard hand out food to Hurricane Irma survivors at a supply distribution point in Key West, Florida.
 

65,654 viktim

Ekip Asistans pou Viktim Katastwòf la te rankontre fas-a-fas avèk 65,654 viktim pou ede yo enskri ak jwenn enfòmasyon  sou resous yo ak asistans lan.

FEMA disaster survivor assistant on foot in a neighborhood devastated by Hurricane Irma, surrounded by survivors in need of help.

 

2.4 milyon

Prèske 2.4 milyon viktim te aplike nan FEMA pou yo jwenn èd akòz katastwòf la.

gymnasium filled with people on both sides of multiple tables

 

 

216,528 enspeksyon nan kay

 

 

 

216,528 enspeksyon nan lojman FEMA, yon pati enpòtan nan pwosesis sekou a, te fèt.  

 

Kissimmee, Fla, Oct. 9, 2017-- FEMA Inspector, Christopher Caso, performing an inspection on a home damaged during Hurricane Irma.

 

 

 

 

 

 

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak premye repondè nou yo pou asire n ap travay ansanm antan yon peyi, pou devlope, sipòte ak amelyore kapasite nou pou prepare pou tout danje, bay pwoteksyon kont danje, bay repons pou danje yo, retabli nou apre yo, epitou minimize yo.

Gen asistans pou reparasyon apre katastwòf ki disponib san konsiderasyon ras, koulè, relijyon, si ou se fanm oswa gason, laj, andikap, konpetans nan lang Angle oswa sitiyasyon ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan nimewo 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman FEMA pou yon ti tan ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans pou swen medikal ak swen dantè, ak depans pou sèvis finerè ak antèman pa egzije moun pou yo aplike pou yon prè SBA.

Men, aplikan ki resevwa aplikasyon SBA pou prete lajan dwe prezante aplikasyon yo ba ofisye kredi SBA pou yo kapab kalifye pou èd pou repare oswa ranplase pèsonèl, veyikil, epitou pou yo fè depans pou chanje adrès yo ak pou depo.

Tags:
Dènye mizajou