Kijan pou Jwenn Asistans apre Siklòn Michael

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL NR-001
Release Date:
October 12, 2018

ATLANTA – Si ou se yon pwopriyetè kay oswa yon lokatè nan eta Florida, ki gen kay li ki sibi domaj, ki pa an sekirite oswa ki pa aksesib akòz Siklòn Michael, gen resous ki disponib pou ede w avèk rekiperasyon an.

 

Èske w gen asirans? Si w gen yon polis asirans pou inondasyon oswa pou pwopriyetè kay, soumèt reklamasyon asirans ou an san pèdi tan avan w aplike pou asistans pou katastwòf. Kòmanse pwosesis la rapid rapid. Plis ou soumèt reklamasyon an byen rapid, se plis rekiperasyon w lan pral kòmanse byen rapid.

 

Si ou pa kapab retounen nan kay ou, oswa si ou pa kapab abite nan kay ou akòz domaj katastwòf la lakòz, ale sou sit  DisasterAssistance.gov, oswa rele 800-621-3362 (800-462-7585 TTY) (gen operatè ki pale plizyè lang ki disponib) pou detèmine si gen òganizasyon leta, òganizasyon volontè ak òganizasyon lokal nan kominote w la ki kapab adrese bezwen imedya w yo.

 

Si w ka retounen lakay ou e li san danje, gen kouran, gen dlo epi sèvis egou ak sèvis septik yo ap fonksyone, ale sou sit DisasterAssistance.gov pou detèmine si gen òganizasyon leta, òganizasyon volontè ak òganizasyon lokal nan kominote w la ki kapab adrese lòt bezwen ou genyen ki nesesè yo.

 

Asistans pou katastwòf disponib pou moun ki sinistre yo nan konte Bay, Franklin, Gulf, Taylor, ak Wakulla. Yo ka ajoute lòt konte pi devan.

 

Si w nan youn nan konte sa yo, w ap bezwen bagay swivan yo pou w aplike pou asistans:

  • Nimewo Sekirite Sosyal;
  • Nimewo telefòn lajounen;
  • Adrès postal aktyèl ak adrès ak kòd postal pwopriyete ki andomaje a; ak
  • Enfòmasyon sou asirans, si li disponib.

 

Byenke gouvènman federal la pa kapab remete w nan egzakteman menm eta ou te ye anvan katastwòf la, li kapab ede w avanse avèk rekiperasyon w lan, grasa sibvansyon pou reparasyon debaz ki pral pèmèt kay ou an tout sekirite, nan yon eta sanitè epi sekirize.

 

Asistans FEMA kapab ede tanporèman avèk yon kote pou oumenm ak fanmi w rete pandan w ap travay sou plan rekiperasyon w lan.

 

(PLIS ENFÒMASYON)

 

 

Kijan pou Jwenn Asistans apre Siklòn Michael – Paj 2

 

Apre w fin anrejistre pou asistans pou katastwòf, yo ka refere w nan U.S. Small Business Administration (SBA). Lè gen katastwòf, SBA ofri prè ki gen enterè ki ba pou antrepriz, pwopriyetè kay ak lokatè. SBA a pral kontakte w pou l ba w enfòmasyon sou kijan pou w aplike. Pa gen okenn obligasyon pou aksepte yon prè, sepandan si w pa soumèt yon aplikasyon, ou ka pèdi chans pou w jwenn lajan nan men pi gwo sous fon federal pou katastwòf la.

 

W ap jwenn fòmilè aplikasyon yo ak enfòmasyon sou prè SBA pou katastwòf ki gen enterè ba yo sou entènèt la nan SBA.gov/disaster. Ou kapab rele tou nan 800-659-2955 oswa voye yon imèl bay DisasterCustomerService@sba.gov. Si w itilize TTY, rele 800-877-8339.

 

###

 

Asistans pou rekiperasyon apre katastwòf disponib san okenn diskriminasyon ki baze sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, limitasyon nan pale Anglè, oubyen kondisyon ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen viktim diskriminasyon, rele nimewo gratis FEMA a nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

 

Asistans tanporè FEMA bay pou lojman ak sibvansyon pou depans sèvis transpò piblik, depans medikal ak dantè, epi depans pou fineray ak antèman pa egzije moun pou yo aplike pou yon prè SBA. Sepandan, aplikan ki resevwa aplikasyon prè SBA yo fèt pou soumèt yo bay SBA pou yo elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak estokaj.

 

Tags:
Dènye mizajou