Konprann Ogmantasyon Pri Konfòmite (ICC)

Release Date:
October 22, 2020

Si ou gen yon Kontra Asirans avèk Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon (NFIP), kay ou te andomaje gravman pa siklòn Laura ak oswa Delta e ou resevwa yon deklarasyon ki soti bò kote administratè plèn inondab ou an ki di ke kay ou inonde sibstansyèlman oswa repete, ou ka kalifye pou yon Ogmantasyon nan reklamasyon Pri pou Konfòmite.  Ou dwe gen yon kontra asirans NFIP pou kalifye. 

Ogmante Pri Konfòmite

 

Kouvèti nan ogmantasyon pri Konfòmite (ICC) founi yon peman pou reklamasyon, apre yon pèt dirèk pa inondasyon, pou depans pou konfòme avèk lwa oswa òdonans jesyon plèn inondab nan eta oswa kominote a, pa egzanp, depans pou elve, deplase, demoli oswa pwoteje yon estrikti kont inondasyon (non-rezidansyèl sèlman).

  • Èske mwen gen yon asirans inondasyon atravè Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon (NFIP)?
  • ICC aplike sèlman pou moun sila yo ki gen kontra asirans NFIP.
  • Èske domaj mwen an se te akoz inondasyon?
  • ICC peye pou domaj ki gen rapò avèk inondasyon, e domaj  inondasyon an dwe egal 50% oswa plis nan valè mache kay la anvan inondasyon an.
  • Èske pwopriyete mwen an te andomaje sibstansyèlman?
  • Kominote lokal la fè yon detèminasyon ke kay ou oswa biznis ou te andomaje pa yon inondasyon nan nivo kote reparasyon yo pral koute 50% oswa plis nan valè mache bilding lan anvan domaj la.  Pousantaj sa a ka varye nan kèk jiriidiksyon.  Kominote lokal ou an pral enfòme w pa kourye si kay oswa biznis yo te andomaje sibstansyèlman, e si ou dwe konfòme avèk lwa oswa òdonans jesyon plèn inondab yo ki anvigè.
  • Domaj sibstansyèl aplike nan zòn risk Inondasyon Spesyal (SFHA) e li kapab vini nan nenpòt fason van, dlo, dife, enpak debri ak plis ankò.
  • Kominote yo gen pou adrese domaj ki soti nan plizyè evènman.  Yo dwe jere tout estrikti ki afekte yo nan fason konsistan.
  • Si pa gen okenn reparasyon ki fèt nan yon estrikti apre yon evènman, e yon dezyèm evènman koze domaj, otorite lokal yo dwe enkli tout depans pou repare domaj toulède evènman yo
  • Èske li satisfè kritè yon estrikti pèt repetitiv?
  • Pèt repetitive estrikti gen de oswa plis reklamasyon inondasyon NFIP nan dènye 10 ane ki sot pase yo, e depans pou reparasyon yo te, an mwayèn, nan omwen 25% nan valè mache anvan inondasyon an chak fwa.  Sa aplike sèlman si òdonans jesyon plèn inondasyon kominote lokal  la gen yon pwovizyon pèt repetitiv.

Lòt bagay pou konnen sou ICC:

Kouvèti ICC se anplis de kouvèti pou reparasyon domaj fizik aktyèl inondasyon an koze nan bilding lan. Montan maksimòm konbine peyab pou toulède reklamasyon ICC ak reklamasyon pou pèt dirèk la pa kapab pi elve pase limit maksimòm kouvèti pou kalite bilding lan:

  • $250,000 pou pwopriyete rezidansyèl ak $500,000 pou komèsyal.  Si ou resevwa peman pou limit kouvèti maksimòm, ou pa anmezi pou resevwa benefis ICC $30,000.
  • Travay etwatman avèk espesyalis asirans inondasyon an e biwo pèmi lokal ou ap detèmine elijiblite pou ICC epi pa kòmanse travay reparasyon sou estrikti w anvan ou depoze yon reklamasyon ICC.

Pou w jwenn plis detay sou ICC, vizite https://www.fema.gov/floodplain-management/financial-help/increased-cost-compliance.

Remake: Reklamasyon ICC ap ajiste separeman nan reklamasyon pou domaj inondasyon ou depoze anba SFIP w. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou depoze yon reklamasyon anba SFIP, vizite https://www.fema.gov/sites/default/files/2020-05/FINAL_ClaimsHandbook_10252017.pdf

 

 

Tags:
Dènye mizajou