Twazyèm Pati Konsantman Ekri: Kite FEMA konnen ak Kiyès pou pale sou Aplikasyon w lan.

Release Date:
September 21, 2021

Kandida ki bezwen yon zanmi oswa fanmi pou aji sou non yo lè y ap aplike pou asistans katastwòf, oswa reponn ak enspektè FEMA sou plas kapab ekri epi soumèt yon deklarasyon twazyèm pati. Dokiman sa se yon akò legal ki pèmèt yon lòt moun ki genyen plis pase 18 lane bay ak resevwa enfòmasyon nan FEMA pou yon sinistre. 

Twazyèm pati konsantman ekri a itil lè:

Yon twazyèm pati konsantman ekri a dwe:

  • Dwe alekri. Ou kapab telechaje kont DisasterAssistance.gov ou, poste, faks oswa pote enfòmasyon nan Sant Rekiperasyon pou katastwòf.
    • Lapòs oswa Faks nan:
      Sant Sèvis Nasyonal FEMA 
      P.O. Box 10055
      Hyattsville, MD 20782-8055

      Faks:  800-827-8112
    • Pèmisyon vèbal aksepete sèlman lè tou de sinistre yo ak twazyèm pati a prezan nan yon sant rekiperasyon katastwòf FEMA oswa pandan y ap rele liy asistans FEMA.
  • Verifye idandite. Sivivan yo dwe di non konplè yo, adrès aktyèl yo, dat ak kote yo fèt tankou bon nimewo aplikasyon an.
  • Sinistre a dwe siyen. Lè dokiman siyen, sinistre a dakò enfòmasyon an veridik.
  • Genyen ladan yon idantifikatè endividyèl. Genyen ladan nimewo aplikasyon an ki pral ede yon reprezantan lokal FEMA pou jwenn aplikasyon w lan ak akselere pwosesis la.
  • Genyen ladan enfòmasyon FEMA dwe pibliye bay twazyèm pati a.
  • Idantifye moun nan oswa gwoup ki pibliye an pou konnen si li dakò. Sa kapab yon zanmi, vwazen, yon pwòch oswa yon reprezantan tankou yon ajan asirans.

Sinistre yo dwe kapab reponn ak tout verifikasyon si yo rele liy asistans FEMA epi mande operatè a pale ak yon twazyèm pati nan non yo.

Kijan pou Kontakte FEMA

  • Ale sou at DisasterAssistance.gov
  • Rele Liy Enfòmasyon an nan 800-621-3362 (TTY 800-462-7585) nenpòt lè
  • Telechaje aplikasyon mobil FEMA

Pou dènye enfòmasyon konsènan Siklòn Ida a, ale sou fema.gov/disaster/4611. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/FEMARegion6 epi ba nou like sou Facebookfacebook.com/FEMARegion6/.

Tags:
Dènye mizajou