Rezidan Louisiana yo ki afekte pa Siklòn Laura ak Delta ka resevwa yon lèt ki soti nan FEMA ki di ke yo pa kalifye pou Asistans Lojman. Ou ka toujou konteste desizyon inisyal sa a ak posibleman vini elijib.
Domaj katastwòf la koze pat lakoz kay ou vin andanje pou viv, jan FEMA detèmine l
- Si ou deside pou konteste desizyon sa a, tanpri bay yon eksplikasyon alekri ak siyen yon kopi dokiman yo ki endike domaj lakay ou an te koze katastwòf la epi rann kay ou pa ansekirite pou abite. Voye yon lèt apèl nan FEMA ki mande rekonsiderasyon. Sa a dwe fèt nan lespas 60 jou apati dat lèt detèminasyon an. Nan apèl la, eksplike alekri poukisa ou pa aksepte desizyon an.
- Voye lèt ak dokiman yo nan Pwogram FEMA pou moun ak Kay [FEMA’s Individuals and Households Program], National Processing Service Center, P.O. Box 10055, Hyattsville MD 20782-7055.
- Ou kapab telechaje lèt apèl ak dokiman yo sou kont ou nan DisasterAssistance.gov, oswa ou kapab fakse yo nan 800-827-8112.
- Pou w jwenn enfòmasyon osijè preparasyon lèt elijiblite, vizite DisasterAssistance.gov oswa reke liy èd FEMA nan 800-621-3362 (TTY 800-462-7585).
Asirans ou kouvri domaj nan kay ou
- FEMA pa kapab double benefis yo nan asirans oswa lòt sous yo.
- Si règleman asirans ou retade pi long pase 30 jou, kontakte FEMA. Ou ka elijib pou yon avans (sa ki dwe ranbouse).
- Kontakte FEMA si règleman asirans ou pa ase pou satisfè bezwen w oswa si ou fin epwize nenpòt depans Adisyonèl pou Lavi asirans lan te bay.
Ou te endike ke ou pa t vle deplase pandan yo tap repare kay ou ki andomaje
Sa a ta rann ou inelijib pou asistans lwaye tanporè FEMA oswa sou yon inite lojman tanporè. Men, ou ka toujou elijib pou reparasyon kay oswa sibvansyon pou ranplasman pwopriyete pèsonèl.
Si bezwen lojman w te vin chanje depi lè sa, kontakte FEMA pou mete estati w ajou ak eksplike w poukisa ou te (oswa pral oblije) pou relokalize.
Enspektè FEMA te eseye kontakte w pandan plizyè fwa men li pa t kapab pwograme yon randevou.
- Si ou rate yon randevou enspeksyon, kontakte FEMA ak repwograme.
- Kenbe enfòmasyon nan aplikasyon w lan ajou.
FEMA pa t kapab verifye idantite w. Ajans lan pa kapab matche non w ak nimewo Sekirite Sosyal.
- Lè yo verifye idantite w, FEMA prevni fwod aka sire aplikan yo resevwa asistans katastwòf ki fèt pou yo. Dokiman aplikab yo gen ladan:
- Kat Sekirite Sosyal (si li akonpaye pa idantifikasyon federal oswa eta bay);
- Dokiman pewòl Travay ki gen ladan kat dènye chif yo oswa tout nimewo Sekirite Sosyal la;
- Idantifikasyon Militè;
- Lisans maryaj pou konfime prèv non jèn fi a; oswa
- Dokiman ki soti nan Administrasyon Sekirite Sosyal oswa lòt antite federal ki gen ladan nimewo konplè sekirite sosyal oswa kat dènye chif yo.
Pa voye dokiman orijinal bay FEMA pa lapòs.
Pou kontakte FEMA sou chanjman nan inelijiblite aktyèl ou:
- Vizite disasterassistance.gov;
- Pou resevwa yon lyen pou telechaje aplikasyon FEMA:
- Aparèy Apple: tèks APPLE nan 43362;
- Aparèy Android: tèks ANDROID nan 43362;
- Vizite fema.gov/about/news-multimedia/app.
- Rele Liy èd FEMA nan 800-621-3362 (TTY 800-462-7585). Sèvis liy èd yo disponib sèt jou pa semèn apati 7 a.m. pou rive 11 p.m.
Si yo pa t ba ou yon pwen kontak pou bezwen lojman w, ou ka rele Liy èd FEMA e operate a pral pran enfòmasyon w epi voye l nan Depatman Lojman Dirèk. Moun sila yo ki itilize sèvis sa yo tankou telefòn videyo, InnoCaption oswa CapTel ta dwe enfòme FEMA avèk nimewo spesifik yo ki asiyen pou sèvis sa a. Liy telefòn dirèk la fonksyone apati 7 a.m. pou rive 11 p.m. sèt jou pa semèn. Pou w jwenn yon Sant Rekiperasyon Katastwòf vizite https://egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocator oswa ou ka rele Liy èd FEMA.
Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou siklòn Laura, vizite fema.gov/disaster/4559. Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou siklòn Delta, vizite fema.gov/disaster/4570. Swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6.