Yo konseye rezidan Louisiana Siklòn Ida te frape ki pa t ko fè sa yo kontakte konpayi asirans yo an epi depoze yon reklamasyon pou dega an relasyon ak katastwòf la. Moun sinistre nan pawas yo chwazi pou Asistans Endividyèl ki gen pèt ki pa t asire oswa pat asire ase yo kapab kalifye pou asistans FEMA nan objektif pou fè yo ale viv nan kay yo ankò.
Konprann Ki Pèt FEMA Kapab Kouvri
Asistans FEMA an pa fonksyone menm jan ak yon asirans paske li sèlman satisfè bezwen debaz pou rann yon kay san danje, pwòp epi fonksyonèl. Asistans FEMA an pa p ede w retounen jan w te ya anvan an men li ap ba w yon kout men pou w kapab leve kanpe ankò. Asistans FEMA pou moun sinistre an kouvri bezwen debaz sèlman epi li p ap dedomaje w pou tout pèt ou yo.
Dega ki gen nan kay yo dwe an relasyon ak Siklòn Ida. Enspektè FEMA yo kapab kontakte moun sinistre ki aplike yo pou pran yon randevou enspeksyon.
Egzanp Reparasyon San Danje, Pwòp epi Fonksyonèl pou Fè yon Kay Apwopriye pou viv ladan l:
- Pwopriyete: FEMA kapab asiste nan ranplasman oswa reparasyon sistèm chofaj, sistèm vantilasyon ak sistèm klimatizasyon ki kraze nan katastwòf la ansanm ak frijidè epi fou. Lòt reparasyon FEMA kapab posib kouvri se sèvis piblik tankou sistèm kouran, plonbri ak gaz yo. Atik ki pa esansyèl tankou sistèm lavaj veso ak ekipman son ak imaj yo pa kouvri.
- Dega nan Plafon oswa Twati: Sibvansyon FEMA yo kapab ede nan reparasyon yon twati ki vin koule pandan katastwòf la ki kapab lakòz gen lòt dega nan plafon epi menase eleman elektrik yo, tankou limyè nan plafon yo, men yo p ap peye pou tach senp ki se rezilta twati koule a.
- Sòl: Asistans FEMA an kapab itilize pou reparasyon yon sousòl ki kraze nan moman katastwòf la nan pati ki gen moun nan kay la, men li p ap konsidere sòl ki kouvri ak seramik oswa kapèt.
- Fenèt: Pèman FEMA yo kapab ede nan fenèt ki kraze pandan moman katastwòf la, men li p ap repare pèsyèn oswa rido.
Lòt asistans FEMA kapab bay yo se depans tanporè ki dwe peye pou lojman si kay yon moun sinistre pa kapab abrite moun sa, oswa asistans pou atik ki esansyèl nan yon kay yo.
Paske sitiyasyon chak moun sinistre diferan youn ak lòt, kalkil FEMA sou kisa li dwe kouvri yo varye. Depans pou reparasyon ki pi plis pase kondisyon pou fè yon kay san danje, pwòp epi fonksyonèl yo pa kalifye. Asistans lan baze sou yon dividal faktè tankou kouvèti asirans ak, nan kèk ka, kapasite pou peye an.
Depanse Sibvansyon yo ak Sajès
Sibvansyon katastwòf yo pa dwe itilize nan kad vwayaj, amizman, depans regilye chak jou yo oswa depans volontè ki pa gen pou wè ak katastwòf la. Moun sinistre yo dwe kenbe resi yo pandan twa lane pou montre kijan yo te depanse sibvansyon FEMA yo.
Si lajan sibvansyon an pa itilize nan fason ki ekri nan lèt ou resevwa an, ou kapab gen pou ranbouse FEMA epi ou kapab pèdi kalifikasyon w pou lòt asistans federal ki kapab vin disponib pi devan pou w leve kanpe apre katastwòf la.
Si Asistans lan Pa Ase pou Repare Kay ou Nan Kondisyon Li te ye Anvan an:
Aprè ou aplike pou asistans pou moun sinistre yo, yo kapab transfere w devan Administrasyon Ti Antrepriz yo nan Etazini (U.S. Small Business Administration, SBA). SBA kapab kontakte w pou ofri w yon prè a enterè ki ba nan kad katastwòf la. Pwopriyetè kay ak lokatè ki resevwa yon aplikasyon pou yon prè SBA dwe ranpli aplikasyon an menm si yo deside pa pran li nan objektif pou rete kalifye pou lòt pwogram adisyonèl FEMA.
- Pou antrepriz tout dimansyon ak majorite òganizasyon san pwofi yo: jiska 2 milyon dola pou dega nan pwopriyete yo.
- Pouti antrepriz yo, ti antrepriz ki angaje nan elvaj pwason ak majorite òganizasyon san pwofi yo: jiska 2 milyon dola pou bezwen finansman pou fonksyonman menm si yo pa t sibi okenn dega nan pwopriyete yo, ak yon prè maksimòm 2 milyon dola pou nenpòt konbinezon dega nan pwopriyete ak bezwen finansman pou fonksyonman.
- Pou pwopriyetè kay yo: jiska $200,000 pou repare oswa ranplase rezidans prensipal yo.
- Pou pwopriyetè kay ak lokatè yo: jiska $40,000 pou ranplase byen pèsonèl yo, tankou machin yo.
Antrepriz yo ak rezidan yo kapab aplike anliy nan https://disasterloanassistance.sba.gov. Pou kesyon ak asistans nan ranpli yon aplikasyon, rele nan 800-659-2955 oswa voye yon mesaj imèl nanFOCWAssistance@sba.gov.
Pou dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4611. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon 6 la twitter.com/FEMARegion6 oswa sou Facebook nan facebook.com/FEMARegion6.