Èske Enfòmasyon Ou Yo Te Chanje Depi Lè Ou Te Aplike Pou Jwenn Èd Akoz Siklòn Ida a? Fè FEMA Konn Sa

Release Date:
September 17, 2021

Katastwòf yo boulvèse lavi moun epi gen kèk fanmi ki ka kite kay yo genyen ki andomaje yo, pou yo al rete nan lòt kay ki pou lwe oswa pou yo al rete nan otèl. Lè nimewo telefòn ou oswa adrès postal ou chanje, FEMA pa ka rive jwenn ou. Enben, apre ou fin aplike pou asistans pou katastwòf la, ou bezwen fè FEMA konnen chak fwa enfòmasyon ou yo chanje.

Si ou pa jwenn repons nan men FEMA konsènan aplikasyon w lan, ou ka rele Liy Èd FEMA a nan 800-621-3362 nenpòt ki lè oswa ale sou DisasterAssistance.gov  pou fè mizajou estati a.

Enpòtan: Mete kontak ou ak enfòmasyon pèsonèl ou yo ajou

Asire w ke FEMA konnen kijan pou l kontakte ou epi pataje lòt enfòmasyon ki ka afekte aplikasyon w lan. Pa egzanp:

  • Èske nimewo telefòn ou an te chanje, oswa èske ou te kite kay ou? Lè nimewo telefòn yo ak adrès yo pa kòrèk, sa ka lakòz genyen apèl manke ak korespondans ki manke.
  • Èske ou te chanje bank ou a oswa èske w te chanje nimewo kont ou a? Sa ka bay reta lè FEMA ap depoze yon kòb dirèk sou kont ou.
  • Èske ou gen lòt domaj nan kay ou a? Dokimante domaj la epi fè FEMA konn sa. Ou kapab kalifye pou jwenn plis asistans.
  • Eske ou te resevwa yon règleman oswa yon lèt refi nan men asirans ou an? Fè FEMA konn sa imedyatman, paske evènman sa yo ka chanje kalifikasyon ou.

E si Mwen pa tounen lakay mwen?

  • Si w t al rete yon lòt kote oswa si yo te fè w evakye anvan Siklòn Ida a epi ou pa konnen si kay ou a te andomaje, di FEMA nan ki sitiyasyon ou ye pou kounye a epi fè FEMA konnen ki pi bon mwayen ou genyen pou li ka kontakte ou.

E si lè Mwen retounen lakay mwen, mwen jwenn kay la sibi domaj ke mwen pa t menm konnen si li sibi yo?

  • Si ou retounen lakay ou epi ou dekouvri genyen domaj ki fèt sou pwopriyete w la, mete rapò domaj ou a ajou avèk FEMA.
  • Yon enspektè FEMA pral evalye domaj ki fèt sou pwopriyete w la.
  • Si ou pa kapab prezan lakay ou pandan yon enspeksyon, ou kapab otorize yon lòt moun rankontre avèk enspektè a nan non ou, atravè yon fòm konsantman alekri ki pou yon lòt moun.

Ki kote pou Mwen mete enfòmasyon mwen an ajou epi pou mwen verifye estati aplikasyon mwen an?

  • Ou kapab aplike oswa mete enfòmasyon ou yo ajou etan sou entènèt nan DisasterAssistance.gov, lè w rele 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585) oswa atravè aplikasyon mobil FEMA a (FEMA mobile app).
  • Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.

Pou dènye enfòmasyon konsènan Siklòn Ida a, ale sou fema.gov/disaster/4611. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/FEMARegion6 epi ba nou like sou Facebook nanfacebook.com/FEMARegion6/.

Tags:
Dènye mizajou