Konesans FEMA genyen nan Limite Dega anba je ou

Release Date:
February 3, 2022

FEMA te pase plizyè dizèn ane ap etidye katastwòf yo pou li aprann fason pou diminye domaj yo kapab fè sou moun ak sou kominote yo. Men kòman ou kapab benefisye konpetans ak èd ki sòti nan FEMA.

Angajman FEMA nan Limit Dega

Si w te viv oswa ou te travay nan yon kominote ki te afekte ak yon katastwòf, ou ka ap mande tèt ou poukisa gen kèk kay ki detrui pandan gen lòt ki toujou rete kanpe. Repons la ka gen rapò ak kantite lane bilding lan genyen, fason li te konstrui epi avèk ki materyèl li te konstrui. FEMA te etidye konsekans plizyè katastwòf pou li devlope metòd rekonstriksyon ki pi bon epi ki pi solid.

Travay FEMA se pou li mande, ak reponn kesyon sou rezon ak sou kòman yon konstriksyon kapab gen plis rezistans ak katastwòf yo. Pwofesyonèl pou limite dega ki nan ajans lan konsakre nan fè rechèch ak pwomosyon metòd konstriksyon ki fèt espesifikman pou ede w rekonstrui yon fason ki pi solid, pi sekiritè, epi ki pi reziste ak tout kalite katastwòf natirèl. Branch nan Syans Batiman ki nan FEMA a anplwaye ekspè nan endistri a, enjenyè, anketè jidisyè ak patnè ki bay sipò pou katastwòf ki patisipe avèk Ekip pou Limite Dega FEMA deplwaye a ak patnè endistri yo pou byen gade espas katastwòf yo pou dekouvri sa ki te fonksyone, sa ki pa t fonksyone, ak kisa ki kapab ba li plis solidite ak rezistans. Ekip sa yo fè rapò evalyasyon pou limite dega. Antreprenè Pwofesyonèl ak pwopriyetè kay ki ap fè l poukont yo kapab aplike rekòmandasyon nan kesyon limitasyon dega sa yo nan nivo nasyonal, lokal ak endividyèl.

Kijan FEMA kapab ede w nan limitasyon dega yo

Limitasyon an vle di aji tousuit pou redui risk ki ap vini yo. Li posib pou limitasyon an redui dega materyèl ki posib yon katastwòf kapab lakòz epi li pèmèt ou rantre lakay ou pi rapid--nan yon kay ki gen plis chans pou li toujou rete kanpe. Pa egzanp, si kay ou gen risk inondasyon, ou ka panse pou w ogmante wotè a. Fanmi ki nan California limite risk dife yo pandan yo retire fèy ki mouri ki sou kote kay yo a, alòske sa ki nan Kot Gòlf (Gulf Coast) te aprann enstale pèsyèn ki kont siklòn nan fenèt yo ak ranfòse pòt rantre yo avèk ki gen de (2) bò avèk bouton lateral ak jwenti pòt ki pwolonje.

Malgre sa ka mande pou w fè yon gwo envestiman nan kòmansman, men limitasyon an bay yon avantaj k ap dire lontan. Rapò Enstiti Nasyonal pou Syans Rekonstriksyon fè konnen chak dola ki depanse nan limitasyon nan kad yon nouvo konstriksyon ki gen kòd pèmèt ekonomize $11 nan depans pou reparasyon ak rekiperasyon apre yon katastwòf. Rapò a fè konnen avantaj sa a ogmante chak ane. Lè w pi byen rekonstrui apre yon katastwòf, ou pi byen prepare pou pwochen k ap vini an.

Espesyalis nan limitasyon dega FEMA yo pare pou ede w atravè difikilte pou planifikasyon ak preparasyon pou yon avni ki pi rezistan oswa pou rekonstriksyon ki pi solid apre yon katastwòf natirèl. Espesyalis Limitasyon FEMA yo kapab:

  • Bay direktiv konsènan pwoteksyon kont dega van ak dlo kapab lakòz, tankou modènizasyon ak yon pri ki ba ki kapab aplike nan moman reparasyon yo.
  • Eksplike valè, kouvèti, ak avantaj ki genyen nan asirans nan kad inondasyon pou pwopriyetè yo ak lokatè yo.
  • Bay konsèy sou chwa antreprenè yo ak sou fason pou fè kay la vin pi wo, aparèy ou yo ak sèvis piblik yo aprè yon katastwòf.

Ou kapab rele nan 833-FEMA-4-US oswa nan 833-336-2487, pou pale ak yon Espesyalis Limitasyon Dega. Ou kapab voye yon imèl bay yon espesyalis nan FEMA-LAMit@fema.dhs.gov. Vizite lyen entènèt limitasyon a pou ou kapab jwenn enfòmasyon sou reparasyon, modènizasyon, ak rekonstriksyon nan https://fema.connectsolutions.com/lamit, https://fema.connectsolutions.com/la-es-mit pou panyòl, oswa https://fema.connectsolutions.com/la-vie-mit pou vietnamyen.

Resous Gratis Anplis pou Limitasyon

Apre gwo van destriktè siklòn Laura te frape Louisiana, branch pou Syans Batiman an te kolabore avèk branch Komite Edikasyon ak Sansibilizasyon FEMA a pou pwodui yon mizajou pou ansanm rekòmandasyon pou ranfòse do kay yo, balkon sou do kay ak wòch yo mete soudo kay. Rechèch FEMA a te menm ede rekonèt gwo valè kòd konstriksyon ki ajou yo genyen nan sove moun ak nan siveye règ pou kòd yo respekte nan pawas yo. Si ou gen yon nouvo kay, ou ka deja jwenn avantaj ki sòti nan FEMA pou envestisman ki fèt sou yon peryòd ki long nan kad rechèch pou limitasyon dega.

Ou toujou bezwen plis konsèy teknik ki detaye sou kisa ou kapab fè pou limite risk katastwòf yo? Ale sou Bibliyotèk Anliy pou Syans Konstriksyon. Nan bibliyotèk la ou kapab gen aksè ak dokiman tankou:

Tags:
Dènye mizajou