FEMA ap rele – Lè FEMA pa kapab kontakte w

Release Date:
March 31, 2021

Rete an kontak.  Sa depannde ou.

FEMA souvan bezwen kontakte yon aplikan pou konplete yon aplikasyon, mete yon randevou pou yon enspeksyon vityèl oswa pou konfime yon bezwen kontinyèl pou yon solisyon lojman tanporè. Yo rele sou nimewo ou te bay lè ou tap ranpli aplikasyon an.

Si ou te anrejistre pou asistans katastwòf avèk FEMA, asire pou “rete an kontak”. Si ou te chanje adrès oswa nimewo telefòn— menm tanporèman— tanpri mete enfòmasyon sa ajou avèk FEMA. Enfòmasyon ki manke oswa ki pa kòrèk kapab lakoz reta nan resevwa asistans.  Se yon bon lide pou bay yon dezyèm nimewo telefòn kontak  — alafwa yon nimewo telefòn ak yon telefòn nan kay (si ou gen youn). Ou ta dwe kontakte  FEMA si ou gen nenpòt kesyon sou mesaj elijiblite ki soti nan FEMA.

Si ou panse ou ta dwe tande FEMA, gen lòt enfòmasyon pou ajoute nan dosye w, oswa si ou senpleman vle wè si aplikasyon w lan ap pwogrese, kontakte FEMA pou asire.

Aplikan yo kap itilize yon sèvis relè tankou telefòn videyo, InnoCaption oswa CapTel, ta dwe bay nimewo spesifik ki asiyen yo nan sèvis sa a. Li enpòtan ke FEMA kapab kontakte w, e ou ta dwe okouran sou apèl telefòn ki soti nan FEMA ka parèt tankou nimewo ki pa idantifyab.

Si ou gen nenpòt kesyon, ou ka toujou rele Liy èd FEMA nan 800-621-3362 (TTY 800-462-7585).  

Ou ka vizite tou disasterassistance.gov pou mete ajou kont anliy ou si ou te kreye youn.

Anvan pwochen tanpèt la, yo ankouraje kominote moun ki soud la pou gade “Preparasyon Fè sans pou Moun ki gen Andikap ak lòt Aksè ak bezwen fonksyonèl  - YouTube”, yon videyo FEMA prezante an Angle ak ASL.

Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou siklòn Laura, vizite Siklòn Laura Louisiana (DR-4559-LA). Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou siklòn Delta, vizite  Siklòn Delta Louisiana (DR-4570-LA).  Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou siklòn Zeta, vizite  Siklòn Zeta Louisiana (DR-4577-LA). Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou Tanpèt Ivè, vizite Louisiana Severe Winter Storms (DR-4590-LA). Oswa, swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA nan FEMA Region 6 (@FEMARegion6) / Twitter.

Tags:
Dènye mizajou