Abitan nan rejyon deziyen North Carolina yo ki te pèdi revni yo akoz tanpèt twopikal Helene nan kapab benefisye èd pou chomè nan ka katastwòf (Disaster Unemployment Assistance) (DUA).
Disponibilite ak kondisyon elijibilite DUA.
DUA disponib pou endividi ki nan Alexander, Alleghany, Ashe, Avery, Buncombe, Burke, Caldwell, Catawba, Clay, Cleveland, Gaston, Haywood, Henderson, Jackson, Lincoln, Macon, Madison, McDowell, Mecklenburg, Mitchell, Polk, Rutherford, Swain, Transylvania, Watauga, Wilkes, Yancey counties and the Eastern Band of Cherokee Indians.
Moun yo, enkli moun k ap travay ak tèt yo oswa pwopriyetè biznis yo kapab elijib pou DUA si:
- Ou t ap viv, travay oswa te pwograme pou travay nan yon zòn deziyen nan kad deklarasyon gwo katastwòf la.
- Ou te pèdi travay ou, oswa travay ou te kanpe tankou yon rezilta dirèk de katastwòf la; epi
- Ou te epwize prestasyon chomaj Leta a oswa ou pa t gen dwa ak yo.
Ou kalifye pou avantaj DUA yo, ou dwe nan chomaj apre tanpèt twopikal Helene nan.
Kòman pou fè yon demann
Fason ki pi rapid pou fè yon demann se anliy nan paj wèb Divizyon Sekirite Anplwa Ministè Komès North Carolina: des.nc.gov. Ou kapab ranpli l tou pa telefòn lè w ap rele nan 888-737-0258.
Aplike pou Asistans katastwòf
Pwopriyetè yo ak lokatè yo nan depatman deziyen yo kapab aplike pou asistans FEMA anliy nan disasterassistance.gov, lè y ap rele nan 800-621-3362 oswa lè y ap itilize aplikasyon mobil FEMA a. Si w ap itilize sèvis relè yo tankou sèvis relè videyo, sèvis telefòn kapsyone oswa lòt yo, bay FEMA nimewo ou pou sèvis sa.
Pou tout dènye enfòmasyon sou rekiperasyon de Tanpèt Twopikal Helene nan nan North Carolina tabpri vizite Hurricane Helene | NC DPS or fema.gov/disaster/4827. Swiv FEMA sou X, fòmèlman ki te rele Twitter, sou twitter.com/femaregion4 ak sou facebook.com/fema.