Moun ki ap viv nan konte sa yo Citrus, Columbia, Dixie, Gilchrist, Hamilton, Hernando, Jefferson, Lafayette, Levy, Madison, Pasco, Pinellas, Suwannee oswa Taylor yoki pa gen akse ankò ak dlo lakoz domaj nan sistèm pi oswa fòs septik yo lakoz siklòn Hurricane nan ou kapab kalifye pou FEMA.
Ki asistans ki disponib?
Pou pi ak sistèm fòs septik prive yo, FEMA ka bay ranbousman pou peye yon pwofesyonèl, teknisyen pwofesyonèl pou vizite kay ou ak prepare yon papye pou bay detay sou reparasyon oswa ranplasman sistèm yo katastwòf la andomaje yo ki dwe fèt yo.
Anplis sa teknisyen an di ki bezwen repare yo, FEMA kapab tou peye pou repare oswa ranplase sistèm fòs septik oswa pi prive ou, sa ki pa antre nan lis bagay ki gen asirans pou yo a.
Si ou te aplike pou asistans FEMA epi yo pa te fè yon enspeksyon kay ou, rele Liy Èd FEMA nan 800-621-3362 . Nan moman enspeksyon ou a, di enspektè FEMA a ou gen yon pi ak/oswa yon sistèm fòs septik prive ki ka te domaje nan tanpèt la.
Siyo wè domaj la se Siklòn Hurricane ki fè l, ou kapab kalifye pou asistans FEMA.
Si yo te gentan fè yon enspeksyon epi yo pa t rapote domaj pi oswa sistèm fos septik yo, kontakte Liy Èd FEMA pou kapab jwenn enfòmasyon sou pwosesis apèl la ak kisa FEMA ap gen bezwen pou kontinye ak pwosesis aplikasyon ou an. Tanpri sere deklarasyon moun ou fè kontra ak li a, estimasyon oswa resi domaj katastwòf la fè nan byen sa yo epi soumèt yo ak lèt apèl ou a. Ou ka refere w ak lèt kalifikasyon FEMA ou te resevwa pou plis enfòmasyon.
Pou aplike pou FEMA, ale sou entènèt la souDisasterAssistance.gov, telechaje FEMA App pou aparèy mobil yo oswa rele liy gratis la nan 800-621-3362. Liy yo ouvè chak jou soti nan 7 a.m. jiska 11 p.m. Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Pou gade yon videyo aksesib sou fason pou aplike, ale sou Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube. Dat limit pou aplike a se 30 Oktòb 2023.