Aplike pou Èd nan kad Katastwòf Anvan 6 desanm

Release Date:
November 29, 2021

Ak dat limit pou aplike pou èd federal nan kad katastwòf la ki sèlman sèt jou pi lwen an, habitan Nouyòk ki te sibi pèt ak domaj nan siklòn Ida yo dwe sonje FEMA bay èd finansye pou moun ak fanmi ki kalifye, ki pa gen asirans oswa pa gen ase asirans pou depans nesesè yo kòm konsekans tanpèt la. Èd FEMA pa ranplase asirans epi li pa kapab konpanse tout pèt katastwòf la te lakòz yo.

  • Pwopriyetè kay ak lokatè yo kapab aplike pou èd si y ap viv nan konte Bronx, Dutchess, Kings, Nassau, Queens, Richmond, Rockland, Suffolk ak Westchester epi ki genyen domaj nan siklòn nan nan dat 1—3 septanm.
  • Dat limit pou w aplike pou èd nan kad katastwòf FEMA a se lendi 6 desanm. Se dat limit tou pou w aplike pou yon prè nan kad katastwòf nan Administrasyon Ti Antrepriz nan Etazini.
  • Pwopriyetè kay ki gen domaj asirans lan pa t kouvri yo kalifye pou aplike pou èd nan kad katastwòf pou repare oswa rekonstui rezidans prensipal yo a.
  • Pwopriyetè imèb yo ak inite kowoperativ yo kalifye pou aplike pou èd pou reparasyon ki pa estriktirèl anndan inite pa yo. FEMA pa p kouvri domaj ki fèt nan pati komen yo oswa lòt materyèl eskriktirèl kontra asirans prensipal batiman an kouvri.
  • N ap ankouraje tou pou lokatè ki te fè pèt akoz Ida yo pou aplike pou èd FEMA. Pèt yo kapab konsidere pou èd gen ladan yo domaj ki fèt sou byen pèsonèl tankou mèb ak aparèy.
  • Moun k ap viv Nouyòk san papye ki se paran oswa responsab legal yon minè k ap viv nan menm kay ak yo kapab aplike pou èd nan kad katastwòf sou non timoun nan si timoun nan se yon sitwayen ameriken, yon sitwayen ki pa ameriken oswa yon etranje ki kalifye. Timoun nan te dwe genyen mwens pase 18 lane lè katastwòf la te pase a. Y ap enskri non timoun nan tankou aplikan epi paran an oswa responsab legal la tankou ko-aplikan.
  • Lokatè k ap viv nan apatman sousòl yo kalifye pou aplike pou èd nan kad katastwòf FEMA kèlkeswa estati zonaj apatman yo a. Lokatè yo kapab kalifye pou finansman pou repare oswa ranplase byen pèsonèl tankou mèb, tapi oswa aparèy ki te sibi dega lè tanpèt la. Yon sibvansyon FEMA kapab ede ranplase bagay sa yo asirans lokatè a pa kouvri yo.

Pou aplike pou èd FEMA, ale sou DisasterAssistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA oswa rele Liy èd FEMA nan 800-621-3362. Si w ap itilize sèvis relè videyo (video relay service, VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Operatè Liy èd yo disponib 7 a.m.pou 11 p.m, chak jou. Peze 2 pou Panyòl. Peze 3 pou jwenn yon entèprèt ki pale lang pa w la.

Sous prensipal finansman federal pou rekiperasyon alontèm nan kad katastwòf asirans pa kouvri se Administrasyon Ti Antrepriz nan Etazini (U.S. Small Business Administration. SBA). SBA ofri pwopriyetè kay, lokatè ak antrepriz yo yon èd nan kad katastwòf ki tankou yon prè ki gen yon enterè ki ba.

Si ou te aplike pou èd nan kad katastwòf FEMA epi yo te voye w nan SBA pou aplike pou yon prè nan kad katastwòf, ou pa oblije aksepte prè a si yo apwouve l. Poutan, si ou pa kalifye pou yon prè, SBA ap voye w tounen nan FEMA, sa kapab debouche sou yon èd anba pwogram Èd FEMA Pou Lòt Bezwen yo.

Pwopriyetè kay, lokatè ak antrepriz Siklòn Ida te afekte yo kapab aplike pou prè nan kad katastwòf sou sit entènèt sekirize SBA disasterloanassistance.sba.gov/ela/s/. Pou plis enfòmasyon, aplikan yo kapab rele Sant Sèvis Kliyan SBA a nan 800-659-2955 oswa ekri yon imèl nan DisasterCustomerService@sba.gov. Moun ki soud oswa gen pwoblèm pou tande kapab rele nan 800-877-8339

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl sou efò pou rekiperasyon nan Nouyòk, ale sou fema.gov/disaster/4615. Suiv FEMA sou Twitter nan twitter.com/FEMARegion2 epi sou Facebook nan www.facebook.com/fema

Tags:
Dènye mizajou