Rimè Komen ki gen Rapò avèk Katastwòf

Souvan gen anpil rimè ak fwod apre yon katastwòf. Bay patisipasyon ou pou anpeche rimè yo simaye de pi ou fè kat bagay fasil sa yo: 

  1. Jwenn sous enfòmasyon ou fè konfyans. 
  2. Divilge enfòmasyon ou jwenn nan sous ou fè konfyans yo. 
  3. Dekouraje lòt moun pou yo pa bay enfòmasyon nan sous yo pa verifye. 
Graphic
A flooded street with a house and a rescue boat rescuing 2 people

Rimè Sou Respons a Siklòn

Rete okouran de rimè ki ap sikile sou siklòn Helene ak Milton pou kenbe kominote ou an sekirite.

Revize Rimè yo

Rimè yo

alert - info

Ale sou sitwèb Disaster Fraud | FEMA.gov.

Itilize meni dewoulan an pou distenge selon kalite kesyon an oswa tape yon mo kle.

Reyalite:

Se pa vre. Lokatè yo ka aplike pou asistans pou katastwòf ak FEMA.

FEMA gendwa kapab bay moun ki te lokatè anvan katastwòf yo lajan pou ede peye pou depans lojman a kout tèm, depans pou lwe lojman tanporè, ak depans pou ranplase oswa repare yon machin ak lòt byen pèsonèl ki nesesè yo.  FEMA kapab ede tou peye pou depans medikal, dantè, gadri, demenajman ak depo ki pa gen asirans.

Si yo otorize Asistans Lojman Dirèk pou katastwòf la, lokatè anvan katastwòf yo ka elijib pou Asistans Lojman Tanporè Dirèk si yo pa kapab itilize asistans finansye pou jwenn lojman tanporè.

Reyalite:

Sa pa vrè. Si ou gen asirans, ou kapab aplike pou asistans FEMA, men ou dwe prezante yon reklamasyon nan asirans ou anvan. Si asirans lan pa kouvri tout depans ou fè ki gen rapò avèk katastwòf lam, ou ka toujou kalifye.

Ale nan pat sitwèb FAQ page pou jwenn plis enfòmasyon.

Reyalite:

Anjeneral, FEMA bay tout asistans elijib nan yon aplikasyon pou ede tout manm fanmi ki te fèt avan katastwòf la. Sepandan, FEMA pral evalye bezwen inik sivivan ki elijib yo genyen ladan yo kay ki ka separe akòz katastwòf la, kay ki fòme ak kolokasyon, oswa lè gen yon relasyon finansye ant yon pwopriyetè k ap viv nan yon kay ki gen pension oswa lokatè.

Reyalite:

Ou pa kapab mande asistans pou peman chanm otèl nan FEMA si ou rele nenpòt nimewo.

Men, FEMA ka ranbouse depans pou lojman ba moun ak fanmi yo ki kalifye. Pou wè si asistans sa a ap disponib pou ou, aplike sou sitwèb  DisasterAssistance.gov.

Reyalite:

Se pa vre. Nan pifò ka yo, sibvansyon FEMA pa oblije ranbouse. Si ou gen asirans ki kouvri depans lojman tanporè ou yo, men ou mande FEMA pou avanse pou ou kèk lajan pou ede ou peye pou depans sa yo pandan asirans ou an reta, w ap bezwen ranbouse lajan sa a bay FEMA apre ou fin resevwa règleman asirans ou.

FEMA fè patenarya ak lòt ajans pou ede satisfè bezwen sivivan katastwòf yo. U.S. Small Business Administration (Administrasyon Ti Biznis Etazini, SBA) ofri prè pou katastwòf ak enterè ki ba bay pwopriyetè kay ak lokatè ki nan yon zòn ki deklare gwo dezas.

Si ou toujou gen bezwen ki pa satisfè, prè yo ka ede ak reparasyon oswa ranplasman kay, pwopriyete pèsonèl, machin, alèjman, pèt biznis, ak kapital travay pou ti biznis ak pifò òganizasyon prive. Aprann plis sou prè SBA pou katastwòf. Ou ka rele Liy Èd FEMA a nan 800-621-3362 tou si w gen lòt kesyon oswa si w bezwen plis enfòmasyon.

Reyalite:

Sa pa vrè. Kontra asirans pwopriyetè kay yo pa nòmalman kouvri domaj inondasyon. Anjeneral asirans pou inondasyon se yon kontra apa.

Ale nan paj sitwèb National Flood Insurance Program pou achte asirans pou inondasyon oswa pou jwenn plis enfòmasyon.

Reyalite:

Sa pa vrè. Dat limit ou kapab pa menm paske yo revize demann yo alamen. Pa egzanp, nan katastwòf pi gran echèl yo ki gen anpil moun ki aplike ranbousman resi yo ka pran plis tan.

Reyalite:

Se pa vre. Chak aplikan gen dwa pou li konteste. Yon kontestasyon se chans ou genyen pou w di FEMA poukisa ou pa dakò ak desizyon ajans lan te pran an. Ou ka voye nouvo enfòmasyon oswa plis enfòmasyon epi mande FEMA pou chanje desizyon li pran. Ou dwe voye lèt apèl ou siyen pa lapòs oswa soumèt nan 60 jou apre ou resevwa lèt desizyon w la.

Reyalite:

Sa pa vrè. Yon kontra asirans pou inondasyon ap kouvri ou pandan diferan evènman inondasyon. Asistans FEMA akòz katastwòf disponib sèlman lè prezidan an deklare yon katastwòf federal. Answit, sibvansyon FEMA bay yo pa toujou ase pou kouvri tout pèt yo.

Ale nan paj sitwèb  National Flood Insurance Program pou achte asirans pou inondasyon oswa pou jwenn plis enfòmasyon.

Reyalite:

Sa pa vrè. Finansman FEMA disponib p-ou ede tout sivivan kalifye ki te gen pèt akòz katastwòf yo.

Dènye Mizajou