Nouvèl & Laprès: Dezas 4559

Nòt Laprès & Fich Enfòmasyon

111

BATON ROUGE, La.— Kay adorasyon non pwofi prive kalifye yo nan Louisiana kapab elijib pou sibvansyon FEMA pou kouvri depans yo ki gen rapò avèk siklòn Laura.

Sibvansyon yo grasa pwogram Asistans Piblik FEMA ka kouvri depans yo pou repare oswa ranplase etablisman andomaje yo pandan siklòn nan.  FEMA finanse Pwogram lan ansanm avèk Jesyon Ijans ak Sekirite Enteryè Biwo Gouvènè a.

illustration of page of paper Nòt Laprès |

BATON ROUGE, La.  – Mwens pase twa semèn apre siklòn Laura gwonde nan eta a, plis pase 100 milyon dola ale jwenn rezidan Louisiana yo pou ede nan reprann tèt yo.

Nan kad Pwogram Endividyèl ak Fanmi FEMA a, gen 43526 aplikasyon ki apwouve jiska 15 septanm. Endividi ak fanmi te resevwa plis pase 68 milyon dola nan èd lojman ak plis pase 32.6 milyon dola nan asistans pou lòt bezwen.

illustration of page of paper Nòt Laprès |

BATON ROUGE, La.— Y ap ouvri sant pou retablisman akoz katastwòf la nan Abbeville ak Shreveport kote ou ka vizite yo pandan w sou volan machin ou, nan jedi 17 septanm pou ede sivivan siklòn Laura yo. 

 

Yon nouvo karakteristik ki gen konye a nan sant yo se fason ki fasil epi ki san danje COVID pou sivivan Laura yo eskane dokiman yo nan dosye ka yo a.

 

illustration of page of paper Nòt Laprès |

BATON ROUGE, La. – Mèt kay ak lokatè nan Pawas Caddo, La Salle ak St. Landry gen dwa aplike kounye a pou asistans federal nan dezaz pou dega ak pèt Siklòn Laura ki pa t asire oswa pa byen asire.

Pou kalifye pou èd federal nan ka dezaz, domaj tanpèt ak pèt akòz siklòn ak inondasyon yo dwe te rive akòz Siklòn Laura sòti 22 pou rive 27 dawout.

illustration of page of paper Nòt Laprès |

BATON ROUGE, La.  – Sivivan Siklòn Laura yo ki nan Pawas Jefferson Davis gen jiska 5è nan apremidi, jou jedi 15 septanm lan pou yo vizite gichè chofè pou sant rekiperasyon apre dezas la ki nan Lekòl Segondè Lacassine nan.

Nenpòt sivivan ki anrejistre nan FEMA epi ki vle eskane dokiman ak klase yo nan dosye ka yo a kapab vizite sant la nan Lekòl Segondè Lacassine, 409 Algonia Ave., anvan li fèmen a 5 è nan apremidi nan dat 15 septanm nan.

illustration of page of paper Nòt Laprès |

PDFs, Grafik & Miltimedya

View the Disaster Multimedia Toolkit for social media and video content to help communicate about general disaster recovery.

Pa gen ankenn fichye ki klase nan lang sa a sou dezas sa a.