Y ap ouvri sant pou retablisman akoz katastwòf la nan pawas Caddo, Vermilion kote ou ka vizite yo pandan w sou volan machin ou.

Release Date Release Number
NR 021
Release Date:
September 15, 2020

BATON ROUGE, La.— Y ap ouvri sant pou retablisman akoz katastwòf la nan Abbeville ak Shreveport kote ou ka vizite yo pandan w sou volan machin ou, nan jedi 17 septanm pou ede sivivan siklòn Laura yo. 

 

Yon nouvo karakteristik ki gen konye a nan sant yo se fason ki fasil epi ki san danje COVID pou sivivan Laura yo eskane dokiman yo nan dosye ka yo a.

 

Sant yo ou ka vizite pandan w sou volan machin ou an opere daprè pwotokòl ki strik pou COVID-19 pou asire vizitè yo an sekirite.  Li obligatwa pou mete mask oswa kouvri figi w pou ka rantre epi pou jwenn sèvis. Sivivan yo ap rete nan machin yo. Yon espesyalis ki gen yon mask nan figi l pral resevwa dokiman yo atravè fenèt la epi l ap retounen yo ba w.

 

Li pa nesesè pou mete randevou. Lè pou jwenn sèvis yo se apati 7 è dimaten jiska 5 è nan aprèmidi, sèt jou pa semèn.

 

Sant kote w ka vizite pandan w sou volan machin ou an pral lokalize nan:

 

Pawas Caddo

Independence Stadium

3301 Pershing Blvd.

Shreveport, LA 71109

Pawas Vermilion

LSU AG Center

1105 West Port St.

Abbeville, LA 70510

 

Kèk sant siplemantè deja ouvri nan Lwizyàn. Sivivan yo ka vizite nenpòt sant ki ouvri. Pou jwenn sant ki pi pre w la, rele liy asistans FEMA a, vizite www.DisasterAssistance.gov oswa egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocator oswa telechaje aplikasyon mobil FEMA a nan fema.gov/about/news-multimedia/app.

 

Sivivan yo pa bezwen ale nan yon sant kote yo ka vizite pandan yo sou volan machin yo pou yo aplike oswa mete aplikasyon yo ajou. Pou poze kesyon endividyèl oswa pou soumèt enfòmasyon:

 

Prete lajan pou katastwòf akoz siklòn Laura nan U.S. Small Business Administration (SBA)

 

Pou antrepriz nenpòt gwosè ak òganizasyon a bi non-likratif: jiska $2 milyon pou domaj pwopriyete. Pou ti antrepriz, ti antrepriz ki nan aktivite akwakilti, pifò antrepriz a bi non-likratif: jiska $2 milyon pou kapital yo bezwen pou fonksyone akoz katastwòf la menm si yo pa gen domaj pwopriyete. Ou ka prete yon maksimòm $2 milyon pou antrepriz pou nenpòt konbinezon domaj pwopriyete ak kapital ki nesesè pou fonksyone.

 

Pou pwopriyetè kay jiska $200,000 pou repare oswa ranplase rezidans prensipal yo. Pou pwopriyetè kay ak lokatè jiska $40,000 pou ranplase posesyon pèsonèl, san wete machin yo.

 

Antrepriz yo ak rezidan yo ka aplike sou entènèt nan www.sba.gov/funding-programs/disaster-assistance. Pou kesyon ak asistans pou ranpli yon aplikasyon pou SBA rele 800-659-2955 oswa voye yon imèl nan FOCWAssistance@sba.gov.   

 

Pou dènye enfòmasyon sou siklòn Laura, vizite www.fema.gov/disaster/4559 oswa suiv kont Twitter FEMA Region 6 la nan twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou