Dènye Chans pou Vizite Gichè Chofè pou Sant Rekiperasyon apre Dezas ki nan Lacassine

Release Date Release Number
NR 019
Release Date:
September 13, 2020

BATON ROUGE, La.  – Sivivan Siklòn Laura yo ki nan Pawas Jefferson Davis gen jiska 5è nan apremidi, jou jedi 15 septanm lan pou yo vizite gichè chofè pou sant rekiperasyon apre dezas la ki nan Lekòl Segondè Lacassine nan.

Nenpòt sivivan ki anrejistre nan FEMA epi ki vle eskane dokiman ak klase yo nan dosye ka yo a kapab vizite sant la nan Lekòl Segondè Lacassine, 409 Algonia Ave., anvan li fèmen a 5 è nan apremidi nan dat 15 septanm nan.

FEMA gen plizyè lòt gichè chofè pou Sant Rekiperasyon apre Dezas ki ouvri pou sivivan Siklòn Laura kite dokiman yo epi verifye estati aplikasyon yo a. Pou jwenn kote k ap pi bon pou ou a, gade sou entènèt nan DisasterAssistance.gov, sèvi avèk aplikasyon FEMA a oswa ale sou egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocator.

Ou kapab telechaje dokiman yo epi verifye sitiyasyon aplikasyon ou a sou entènèt nan disasterassistance.gov.

Ou kapab jwenn repons sou kesyon ou yo nan liy asistans FEMA a nan 800-621-3362 oswa TTY 800-462-7585. Si w ap itilize Sèvis Relè oswa Sèvis Relè Videyo 711, tanpri rele nan 800-621-3362. Liy telefòn gratis yo fonksyone sòti 7 è nan maten pou rive 10 zè nan aswè (Lè Zòn Santral, CDT), 7 jou sou 7. Gen operatè ki pale plizyè lang ki disponib.

Prè Administration Ti Biznis Ameriken bay nan ka Siklòn Laura

Pou biznis nenpòt ki gwosè epi òganizasyon ki san bi likratif: jiska 2 milyon dola pou dega materyèl. Pou ti biznis, ti biznis ki nan akwakilti ak majorite òganizasyon san bi likratif: jiska 2 milyon dola pou bezwen kapital travay pou dezaz menm si yo pa genyen dega materyèl. Gen yon prè pou biznis 2 milyon dola maksimòm pou nenpòt konbinezon dega materyèk ak bezwen kapital travay.

Pou mèt kay: jiska 2 milyon dola pou repare oswa ranplase rezidans prensipal yo. Pou mèt kay ak lokatè: jiska 40 000$ pou ranplase byen pèsonèl, tankou machin.

Biznis ak rezidan kapab aplike sou entènèt nan www.sba.gov/funding-programs/disaster-assistance. Pou kesyon ak èd pou ranpli yon aplikasyon, rele 800-659-2955 oswa voye imèl nan FOCWAssistance@sba.gov.   

Pou jwenn toudènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, ale sou visit www.fema.gov/disaster/4559 oswa swiv FEMA Region 6 sou Twitter nan twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou