FEMA ka rele Moun Florid yo ki te aplike pou asistans katastwòf nan nimewo telefòn enkoni. Li enpòtan pou reponn apèl sa yo. Sivivan yo ta dwe retounen nenpòt apèl telefòn yo te rate.
Press Releases
Plis pase 1,000 pèsonèl FEMA sou teren toujou nan Florida pou ede sivivan yo rekipere aprè Siklòn Milton, Helene ak Debby. FEMA pral kontinye trete aplikasyon yo, resevwa, ak jere plent yo, fè enspeksyon epi ede aplikan yo ak responsab lokal yo poze kesyon epi jwenn enfòmasyon sou pwogram rekiperasyon yo.
Pandan Rezidan Florida yo ap rebati, sivivan Siklòn Milton, Helene ak Debby yo ka jwenn konsèy gratis sou fason pou yo rekonstwi pi djanm ak pi an sekirite kont tanpèt yo. Espesyalis rediksyon risk FEMA yo ap disponib pou reponn kesyon ak pou ofri konsèy gratis sou amelyorasyon lojman ak sou metòd ki pwouve pou anpeche ak diminye domaj nan lòt katastwòf nan lavni yo. Enfòmasyon sa yo se pou travayè endepandan yo ak kontraktè jeneral yo.
HICKORY, N.C. – Nan 39 konte, ki gen ladan Band Lès Endyen Cherokee, plis pase 153,000 kay ap resevwa èd FEMA pandan y ap rekipere apre Tanpèt Twopikal Helene.
HICKORY, N.C. – Sou demann eta Kawolin di Nò, sivivan Tanpèt Twopikal Helene kounye a gen jiska 8 Mas 2025, pou aplike pou asistans avèk FEMA.
FEMA te apwouve yon $1.3 milyon adisyonèl pou ranbouse kominote Florida yo pou travay ijans aprè Siklòn Milton, Helene, ak Debby.
HICKORY, N.C. – Yo planifye kat (4) lòt Sant Rekiperasyon Agrikòl pandan premye semèn fevriye a pou ede agrikiltè Kawolin di Nò yo rekipere yo anba domaj Helene. Tout sant yo louvri 9 a.m. a 6 p.m
Ekspè Mitigasyon FEMA yo ofri konsèy pou rekonstwi nan konte Citrus, Hillsborough ak Pinellas.
HICKORY, N.C. – Sant One-day Agriculture Recovery (Rekiperasyon Agrikilti) yo ap planifye pou ede kiltivatè Kawolin di Nò yo pou reprann yo apre domaj Helene. Yo planifye premye kote yo nan konte Buncombe, Henderson, McDowell ak Watauga. Gen lòt evènman ki planifye pou konte Ashe, Avery, Burke, Mitchell ak Yancey. Tout ap louvri de 9 a.m. a 6 p.m.
Sivivan ki pa elijib yo pral kounye a gen 21 jou avi anvan yo oblije kite otèl yo.