Aplike pou operasyon twati ble (Operation Blue Roof) nan kèk nouvo lokal atravè Florid la

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 018
Release Date:
Septanm 21, 2017

TALLAHASSEE, Fla. – Pwopriyetè kay ki elijib nan konte Broward, Charlotte, Collier, DeSoto, Glades, Hardee, Hendry, Highlands, Hillsborough, Lee, Manatee, Miami-Dade, Monroe, Palm Beach, Pinellas, Polk, ak Sarasota ki te sibi domaj nan twati kay yo akoz siklòn Irma genyen lòt lokal kounye a yo ka aplike pou operasyon twati ble (Operation Blue Roof) epi ranpli fòm dwa dantre (Right of Entry, ROE) a ki pèmèt anplwaye gouvènman an ak antreprenè yo gen aksè sou pwopriyete yo a pou yo ka evalye domaj ki genyen epi enstale yon kouvèti tanporè.

Operasyon twati ble, ki ede pwopriyetè kay ki elijib yo avèk reparasyon twati tanporè, se yon pwogram Ajans Federal pou Jesyon Kadijans lan (Federal Emergency Management Agency, FEMA) bay U.S. Army Corps of Engineers (USACE), nan distri Jacksonville la, reponsablite pou l egzekite. Pwogram sa a disponib kounye a gratis sèlman pou kay pwopriyetè a rete ladan l lan nan 17 konte nan Florid. Li posib yo ka elaji pwogram sa a nan lòt konte pi devan.

Tout sant yo ouvri apati 8 a.m. jiska 6 p.m., sèt jou pa semèn, amwenske yo mansyone otreman anba a.

Konte Collier
Growth Management Center 310 Alachua St.
Immokalee, FL 34142

Development Services Building
2800 North Horseshoe Drive
Naples, FL 34104

Konte DeSoto
County Library
125 N Hillsboro Ave Arcadia, FL 34266
 
Konte Glades
County Training Center
1030 Industrial Highway
Moore Haven, FL 33471

Konte Hardee 
County Library 315 N 6th Ave.
Wauchula, FL 33873

Konte Hendry
Walmart Parking Lot 1951 Hickpochee Ave
LaBelle, FL 33935

Konte Highlands 
County Civic Center 4509 George Blvd.
Sebring, FL 33875

Konte Hillsborough 
Seffner-Mano Branch Library
410 N. Kingsway Road
Seffner, FL 33584

Konte Lee
Lowe's Home Improvement 8040 Dani Drive
Fort Myers, FL 33966

Konte Miami-Dade (ouvri jodi a, 21 sept.)
Clark Government Center
111 Northwest 1st St.
Miami, FL 33128

Konte Miami-Dade
Lowe's Home Improvement 
1850 NE 8th St.
Homestead, FL 33033

Konte Monroe  (ouvri jodi a, 21 sept.)
30320 Overseas Highway
Big Pine Key, FL 33050
 
Konte Monroe (fèmen jodi a, 21 sept.) DTOS/Home Depot
4555 Overseas Highway
Marathon, FL 33050

Palm Beach (ouvri 10 a.m. jiska 6 p.m. lendi a samdi)
Belle Glades Library
725 NW 4th St.
Belle Glades, FL 33430

Konte Pinellas
The Outreach Center 12629 Ulmerton Road
Largo, FL 33774

Konte Polk
5253 Airport Blvd. (toupre ayewopò a)
Bartow, FL 33830

Konte Sarasota
Bee Ridge Park
4430 South Lockwood Ridge Road Sarasota, FL 34231

Se sèlman rezidans prensipal ki gen twati bado (shingled roofs) ki elijib pou resevwa yon twati ble tanporè. Yo ka fè reparasyon sou kay ki gen twati metal yo ak kay mobil yo si sa pratik epi sou baz endividyèl. Twati ki gen plis pase 50 pousan domaj estriktirèl pa elijib pou pwogram sa a.

Pou pwopriyete ou lwe nan men yon moun, ou dwe resevwa pèmisyon legal nan men pwopriyetè kay la pou yo ka enstale yon twati ble. Lokatè yo dwe resevwa pèmisyon legal nan men pwopriyetè yo a pou yo kontinye rete nan kay la jiskaske yo fè reparasyon ki pèmànan.

Enfòmasyon sou operasyon twati ble disponib sou sitwèb distri Jaksonville la nan www.saj.usace.army.mil/BlueRoof, www.saj.usace.army.mil/blueroof_espanol/. Enfòmasyon disponib tou ann anglè ak panyòl lè w rele 888-ROOF-BLU (888-766-3258).

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.

Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak pou mete bagay nan depo.

Tags:
Dènye Mizajou