APLIKE POU OPERASYON TWATI BLE (OPERATION BLUE ROOF) NAN KÈK NOUVO LOKAL ATRAVÈ FLORID LA [https://www.fema.gov/ht/press-release/20250121/apply-operation-blue-roof-new-locations-across-florida] Release Date: Septanm 21, 2017 TALLAHASSEE, FLA. – Pwopriyetè kay ki elijib nan konte BROWARD, CHARLOTTE, COLLIER, DESOTO, GLADES, HARDEE, HENDRY, HIGHLANDS, HILLSBOROUGH, LEE, MANATEE, MIAMI-DADE, MONROE, PALM BEACH, PINELLAS, POLK, ak SARASOTA ki te sibi domaj nan twati kay yo akoz siklòn Irma genyen lòt lokal kounye a yo ka aplike pou operasyon twati ble (Operation Blue Roof) epi ranpli fòm dwa dantre (Right of Entry, ROE) a ki pèmèt anplwaye gouvènman an ak antreprenè yo gen aksè sou pwopriyete yo a pou yo ka evalye domaj ki genyen epi enstale yon kouvèti tanporè. Operasyon twati ble, ki ede pwopriyetè kay ki elijib yo avèk reparasyon twati tanporè, se yon pwogram Ajans Federal pou Jesyon Kadijans lan (Federal Emergency Management Agency, FEMA) bay U.S. Army Corps of Engineers (USACE), nan distri Jacksonville la, reponsablite pou l egzekite. PWOGRAM SA A DISPONIB KOUNYE A GRATIS SÈLMAN POU KAY PWOPRIYETÈ A RETE LADAN L LAN NAN 17 KONTE NAN FLORID. LI POSIB YO KA ELAJI PWOGRAM SA A NAN LÒT KONTE PI DEVAN. Tout sant yo ouvri apati 8 a.m. jiska 6 p.m., sèt jou pa semèn, amwenske yo mansyone otreman anba a. KONTE COLLIER Growth Management Center 310 Alachua St. Immokalee, FL 34142 Development Services Building 2800 North Horseshoe Drive Naples, FL 34104 KONTE DESOTO County Library 125 N Hillsboro Ave Arcadia, FL 34266   KONTE GLADES County Training Center 1030 Industrial Highway Moore Haven, FL 33471 KONTE HARDEE  County Library 315 N 6th Ave. Wauchula, FL 33873 KONTE HENDRY Walmart Parking Lot 1951 Hickpochee Ave LaBelle, FL 33935 KONTE HIGHLANDS  County Civic Center 4509 George Blvd. Sebring, FL 33875 KONTE HILLSBOROUGH  Seffner-Mano Branch Library 410 N. Kingsway Road Seffner, FL 33584 KONTE LEE Lowe's Home Improvement 8040 Dani Drive Fort Myers, FL 33966 KONTE MIAMI-DADE (ouvri jodi a, 21 sept.) Clark Government Center 111 Northwest 1st St. Miami, FL 33128 KONTE MIAMI-DADE Lowe's Home Improvement  1850 NE 8th St. Homestead, FL 33033 KONTE MONROE  (ouvri jodi a, 21 sept.) 30320 Overseas Highway Big Pine Key, FL 33050   KONTE MONROE (fèmen jodi a, 21 sept.) DTOS/Home Depot 4555 Overseas Highway Marathon, FL 33050 PALM BEACH (ouvri 10 a.m. jiska 6 p.m. lendi a samdi) Belle Glades Library 725 NW 4th St. Belle Glades, FL 33430 KONTE PINELLAS The Outreach Center 12629 Ulmerton Road Largo, FL 33774 KONTE POLK 5253 Airport Blvd. (toupre ayewopò a) Bartow, FL 33830 KONTE SARASOTA Bee Ridge Park 4430 South Lockwood Ridge Road Sarasota, FL 34231 Se sèlman rezidans prensipal ki gen twati bado (shingled roofs) ki elijib pou resevwa yon twati ble tanporè. Yo ka fè reparasyon sou kay ki gen twati metal yo ak kay mobil yo si sa pratik epi sou baz endividyèl. Twati ki gen plis pase 50 pousan domaj estriktirèl pa elijib pou pwogram sa a. Pou pwopriyete ou lwe nan men yon moun, ou dwe resevwa pèmisyon legal nan men pwopriyetè kay la pou yo ka enstale yon twati ble. Lokatè yo dwe resevwa pèmisyon legal nan men pwopriyetè yo a pou yo kontinye rete nan kay la jiskaske yo fè reparasyon ki pèmànan. Enfòmasyon sou operasyon twati ble disponib sou sitwèb distri Jaksonville la nan www.saj.usace.army.mil/BlueRoof [http://www.saj.usace.army.mil/BlueRoof], www.saj.usace.army.mil/blueroof_espanol/ [http://www.saj.usace.army.mil/blueroof_espanol/]. Enfòmasyon disponib tou ann anglè ak panyòl lè w rele 888-ROOF-BLU (888-766-3258). ### Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje. Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585. Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak pou mete bagay nan depo.