Sant Rekiperasyon pou Katastwòf Helene ap fèmen tanporèman 23 Desanm pou jou Fèt fen dane yo

Release Date Release Number
071
Release Date:
Desanm 20, 2024

Hickory, NC – An patenarya ak gouvènman eta a ansanm avèk gouvènman lokal yo, 12 sant rekiperasyon pou katastwòf nan Ashe, Avery, Burke, Buncombe, Haywood, Henderson, Madison, McDowell, Polk, Rutherford, Transylvania ak konte Watauga pral fèmen nan 6 p.m. nan dat 23 Desanm pou jou fèt la.

Sant yo pral relouvri nan 8 a.m. nan dat 27 Desanm. Tout sant yo pral fèmen tou pou Nouvèl Ane a epi yo pral relouvri a 8 a.m. nan dat 2 Janvye 2025. Pou wè ki sant rekiperasyon ki pi pre w, vizite lokalizatè DRC a nan fema.gov/drc.

Li pa nesesè pou ale nan yon sant pou aplike pou asistans FEMA. Fason ki pi rapid pou aplike se sou Entènèt nan https://www.disasterassistance.org oswa atravè FEMA App, voye tèks “DRC” ak yon kòd postal nan 43362. Ou ka rele tou nan 800-621-3362. Si w itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo, telefòn ki gen tit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a.

Pwopriyetè kay ak lokatè ki nan 39 konte Kawolin di Nò ak manm tribi Eastern Band of Cherokee Indians ka vizite nenpòt sant ki louvri, sa ki gen ladan lokal yo nan lòt eta yo. Pa gen randevou ki nesesè.

Dat limit pou aplike pou asistans FEMA se 7 Janvye 2025.

Tags:
Dènye Mizajou