TALLAHASSEE, Fla. –FEMA apwouve plis pase $1 milya nan asistans federal pou katastwòf pou ede pwopriyetè kay yo ak lokatè yo refè apre siklòn Milton, Helene ak Debby. Sa gen ladan:
- $449,2 milyon dola apwouve pou siklòn Milton
- $516,6 milyon dola apwouve pou siklòn Helene
- $49,8 milyon dola apwouve pou siklòn Milton
Dapre pwogram IAsistans Endividyèl FEMA a, pwopriyetè kay ak lokatè ki afekte nan siklòn Milton, Helene ak Debby ka elijib pou jwenn asistans pou reparasyon debaz kay, pèt pwopriyete pèsonèl ak lòt depans ki pa kouvri anba asirans oswa lòt depans ki te rive akoz dezas ki pa kouvri anba asirans.
Moun Florid yo ka toujou aplike sou Entènèt nan DisasterAssistance.gov oswa lè yo itilize Aplikasyon FEMA. Ou ka aplike tou pa telefòn nan 800-621-3362.Liy yo louvri chak jou epi èd disponib nan pifò lang. Si w itilize yon sèvis relè, telefòn ki gen soutit loswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a. Pou w ka gade yon videyo aksesib sou kijan pou w aplike pou asistans ale nan FEMA Aksesib: Aplike pou Asistans Endividyèl - YouTube.
Sivivan yo ka vizite sant rekiperasyon yo pou yo ka jwenn tout èd an pèsòn pou aplike pou asistans dezas. Pou jwenn adrès sant, vizite fema.gov/drc oswa voye tèks “DRC” epi yon kòd postal nan 43362. Tout sant yo aksesib pou moun ki gen andikap oswa ki gen pwoblem aksè ak pwoblem fonksyonèl e yo ekipe ak teknoloji asistans.
Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Siklòn Milton, vizite fema.gov/disaster/4834. Pou Siklòn Helene, vizite fema.gov/disaster/4828. Pou Siklòn Debby, vizite fema.gov/disaster/4806. Swiv FEMA sou X nanx.com/femaregion4oswa sou Facebook nan facebook.com/fema.