Asistans Ajans Federal pou Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) pou Travayè Endepandan Florida yo

Release Date Release Number
FS018
Release Date:
Novanm 4, 2024

Asistans FEMA a ka ede moun ki se travayè endepandan yo, san wete atis, mizisyen ak mekanisyen. Yo konsidere kontratè endepandan yo kòm travayè endepandan.

Pou yo konte w pami moun ki pou resevwa asistans FEMA a, ou dwe rezide oswa ap travay nan yon konte yo deziye pou resevwa asistans endividyèl FEMA a apre siklòn Milton, Helene oswa Debby. Ou dwe te sibi domaj oswa pèt apre pasaj siklòn yo nan Florida.

Zouti Pwofesyonèl ki elijib yo

FEMA ka ranplase zouti ak ekipman ki nesesè pou travay endepandan yo, oswa zouti ak ekipman yon anplwayè pa bay men ki nesesè pou travay la. Nan zouti ki elijib yo, kapab gen: 

  • Òdinatè 
  • Ekipman tankou zouti elektrik, materyèl pou fè atizay, enstriman mizik, traktè, veyikil sèvis, tondèz pou gazon ak nechèl. 
  • Inifòm 

Yo ka ranbouse w pou atik sa yo si yo te andomanje akoz katastwòf la, si w pa gen yon lòt ekipman oswa atik ki ka fonksyone, epi si sa w pèdi a pa t gen kouvèti asirans. 

Li nesesè pou yo fè yon enspeksyon pou revize domaj zouti/materyèl esansyèl yo sibi. Si w gen pwopriyete pèsonèl oswa zouti esansyèl ki sibi domaj, mete enfòmasyon sa a sou aplikasyon FEMA ou a epi fè enspektè domaj la konn sa nan moman enspeksyon an ap fèt la.

Dokiman ki Obligatwa yo

Pou w ka elijib pou èd pou travayè endepandan an, Aplike pou Asistans FEMA a. Lè w ap aplike, mete: 

  • Dokiman ki pwouve ou se yon travayè endepandan, tankou yon deklarasyon revni 
  • Dokiman asirans pou tout kouvèti asirans ak avantaj potansyèl 
  • Resi detaye oswa estimasyon pou reparasyon oswa ranplasman atik ou fè demann pou yo a. 
  • Yon deklarasyon alekri ki eksplike, ou bezwen atik yo pou travay endepandan an 

Fason pou w Aplike pou Asistans FEMA a

Nou ankouraje pwopriyetè kay ak lokatè yo pou yo aplike anliy nan DisasterAssistance.gov oswa lè yo itilize FEMA App. Ou ka aplike tou nan telefòn nan 800-621-3362. Si w chwazi aplike nan telefòn, tanpri nou swete w konprann tan atant yo ka pi long akoz volim apèl yo ki ogmante apre plizyè katastwòf ki sot pase yo. Liy telefòn yo ouvri chak jou epi gen èd ki disponib nan majorite lang yo. Si w ap itilize yon sèvis relè, telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a. Pou w gen aksè ak yon videyo sou fason pou w aplike pou w jwenn asistans, ale sou FEMA Accessible: Aplike pou Asistans Endividyèl - YouTube.

Si w te aplike nan FEMA apre Siklòn Debby oswa Helene epi w gen domaj anplis nan Siklòn Milton, w ap bezwen aplike pou Milton apa epi bay dat domaj ki pi resan w yo.

Pou w ka jwenn dènye enfòmasyon sou reyabilitasyon apre Siklòn Milton nan, vizite fema.gov/disaster/4834. Pou w ka jwenn enfòmasyon sou reyabilitasyon apre siklòn Helene nan, vizite fema.gov/disaster/4828. Pou w ka jwenn enfòmasyon sou reyabilitasyon apre siklòn Debby a, vizite fema.gov/disaster/4828. Swiv FEMA sou X sou x.com/femaregion4 oswa sou Facebook sou facebook.com/fema.

###

Misyon FEMA se ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf yo.

Tags:
Dènye Mizajou