RALEIGH, N.C. - Yon Sant Rekiperasyon Dezas (DRC) ap ouvri dimanch 3 Novanm nan Dallas (Konte Gaston) pou ede sivivan Kawolin di Nò ki te fè eksperyans pèt nan tanpèt tropikal Helene.
DRC Konte Gaston an localize nan:
Dallas Civic Center
206 S. Oakland St.
Dallas, NC 28034
Ouvè: 8 a.m. - 7 p.m., Dimanch jiska Samedi
Yon DRC se yon sant dacha yonsèl-arè kote sivivan yo ka rankontre fasafas ak reprezantan FEMA yo, aplike pou asistans FEMA, resevwa referans pou asistans lokal nan zòn yo, aplike ak Administrasyon Ti Biznis Etazini (SBA) pou yon prè katastwòf san enterè ak plis ankò.
Asistans finansyè FEMA ka gen ladan lajan pou reparasyon debaz kay, pèt pwopriyete pèsonèl oswa lòt bezwen ki pa gen asirans, ki gen rapò ak katastwòf, tankou gadri, transpò, bezwen medikal, fineray oswa depans dantè.
Pou jwenn tout lokal DRC yo, ale sou fema.gov/drc oswa voye tèks “DRC” ak yon kòd postal nan 43362. Lòt sant rekiperasyon yo ap ouvri toutalè. Tout sant yo aksesib pou moun ki gen andikap oswa ki bezwen aksè epi ki ekipe ak teknoloji asistans fonksyonèl.
Pwopriyetè ak lokatè yo nan 39 konte nan North Carolina ak manm tribi nan Eastern Band of Cherokee Indians kapab vizite nenpòt sant ki ouvè enkli lokasyon nan lòt eta yo. Okenn randevou pa nesesè.
Li pa nesesè pou ale nan yon sant pou aplike pou asistans FEMA. Fason ki pi rapid pou aplike se sou Entènèt nan DisasterAssistance.gov oswa atravè aplikasyon FEMA. Ou ka rele tou nan 800-621-3362. Si w itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo, telefòn ki gen tit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a.