Sant rekiperasyon nan ka katastwòf louvri nan depatman Catawba

Release Date Release Number
037
Release Date:
Oktòb 27, 2024

RALEIGH, N.C. - Yon sant rekiperasyon nan ka katastwòf (DRC) pral louvri pòt li lendi 28 oktòb la nan Conover (depatman Catawba) pou ede sivivan North Carolina yo ki te sibi pèt apre tanpèt twopikal Helene nan. 

Depatman Catawba lokalize nan:

Pòs 3 sèvis ponpye Conover (pòs ponpye 3)

1776 Village Square NW

Conover, NC 28613

Ouvè 8 a.m. pou 7 p.m. Lendi jiska Dimanch


Yon DRC se yon gichè inik kote sivivan yo kapab rankontre reprezantan FEMA yo, mande èd nan men FEMA, oryante nan direksyon èd lokal nan rejyon yo a, mande administrasyon amerikèn nan ti antrepriz yo (SBA) prete nan yon to enterè ki fèb nan ka katastwòf ak lòt bagay ankò.

Asistans finansyè FEMA ka gen ladan lajan pou reparasyon debaz kay, pèt pwopriyete pèsonèl oswa lòt bezwen ki pa gen asirans, ki gen rapò ak katastwòf tankou gadri, transpò, bezwen medikal, fineray oswa depans dantè. 

Pou jwenn plis lokalizasyon DRC, ale sou fema.gov/drc oswa ekri yon tèks mesaj “DRC” ak yon kòd postal nan 43362. Plis sant rekiperasypon pral louvri byento. Tout sant yo aksesib pou moun ki gen yon andikap oswa ki gen bezwen aksè ak fonksyonèl epi ekip ak asistans teknolojik.   

Pwopriyetè ak lokatè ki nan depatman 39 North Carolina yo ak manm tribal yo ki nan Eastern Band of Cherokee Indians kapab vizite nenpòt sant, enkli sa ki lokalize nan lòt eta yo. Pa gen randevou ki nesesè. 

Li enpòtan pou ale nan yon sant èd FEMA pou aplike. Fason ki pi rapid pou aplike se anliy sou DisasterAssistance.govoswa via aplikasyon FEMA a. Ou kapab rele tou 800-621-3362. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou videyo relè, telefòn kapsyone oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo ou pou sèvis sa. 

Tags:
Dènye Mizajou