FEMA ap fè rekritman! Anpil Opòtinite Lokal Disponib

Release Date Release Number
034
Release Date:
Oktòb 25, 2024

RALEIGH, N.C. - Ajans Federal Jesyon Ijans yo (FEMA) ap rekrite moun nan Durham, Hickory ak Asheville, nan North Carolina pou ede kominote yo a rekipere l de tanpèt twopikal Helene nan. Yon gwo evantay konpetans ak ekspètiz nesesè tankou nan sa ki gen pou wè ak planifikasyon, kominikasyon, lojistik ak angajman kominotè pou site kèk nan yo. Anpil anplwaye FEMA te kòmanse karyè yo nan jesyon ijans lè y ap ede pwòp kominote yo a rekipere de yon katastwòf.

Pòs tanporè sa yo gen yon dire inisyal 120 jou epi yo kapab pwolonje. Avantaj yo gen ladan yo konje maladi, asirans maladi epi jiska 11 jou konje peye chak ane. Kandidati yo aksepte anliy. Pouwè tout pòs ki disponib yo epi pou aplike, vizite usajobs.gov, tape mo kle “FEMA, Local Hire” epi antre lokalizasyon ou tankou “North Carolina.” Enfòmasyon detaye yo founi pou chak pòs, enkli pèman ak avantaj. Plis enfòmasyon sou pwosesis rekritman FEMA a disponib sou FEMA.gov/careers.

Tout kandidati yo dwe sitwayen ameriken epi gen 18 lane oswa pi plis. Egzijans siplemantè yo varye selon tip pòs la.

Tags:
Dènye Mizajou